Bòy, se non chèf gang sa a Lapolis touye pandan l t ap chanje kout zam avèk yo ayè dimanch 26 fevriye 2023 a. Li te gen yon zam kalib 38 nan men l daprè nòt PNH la. Nan menm operasyon sa a, polisye yo arete 6 lòt endividi epi yo sezi 16 jwen marigwana. […]Lire plus...
Chantèz tankou Danola, Vanessa Désiré ak Zomò gentan ale Ozetazini atravè pwogram imanitè Joe Biden lanse depi mwa janvye pase a. Dibango ki toujou konn ap di li pa ayisyen li menm tou gentan rive Etazini anba chapo pwogram sa a ki la pou 2 zan. Se anpil pèsonalite piblik k ap pwofite lage pye […]Lire plus...
Nèg ak zam moute Fòjak sou yon machin lapolis, gen ladan yo ki abiye ak inifòm Lapolis sou yo tou epi simen bal sou 4 jenn gason nan lokalite Nikolo, nan Fòjak devan lakay yo jedi 23 fevriye a nan aprè midi. Pami yo gen 3 ki se manm yon sèl fanmi. Non yo se […]Lire plus...
Lapolis an Repiblik Dominikèn prezante Géraldo Brutus kòm youn nan bandi ki te asasine 7 polisye UDMO Lyankou yo 25 janvye 2023 a. Yo arete l lendi 20 fevriye a nan aswè nan yon minisipalite ki rele Duvergé nan pwovens independencia an Repiblik Dominikèn. Lapolis dominikèn konfime Brutus se yon endividi Lapolis t ap bouske […]Lire plus...
Aprè doktè Geneviève Artys ak doktè Louis Gérald Gilles ki li menm libere, ayè mèkredi 22 Fevriye 2023 a nan Pòtoprens zago loray yo anlve doktè Jeanty Fils Exalus. Sa fè 3 medsen yon sèl kou ki nan men bandi yo. Lis medsen ki viktim kidnaping nan peyi a pa sispann ogmante. N ap raple […]Lire plus...
Gras ak yon paspò elektwonik, dominiken yo ap kapab vwayaje pou ale an Ewop san viza. Se Digna Reynoso direktris jeneral paspò yo ak Edward Figueroa ki reponsab Depatman k ap remèt ak renouvle paspò yo ki anonse nouvèl la. Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elekwonik sa yo. L ap valab pou […]Lire plus...
Aprè komisarya Ti Rivyè Latibonit, Lyankou, Vèrèt ki fèmen kounye a se tou pa komisarya komin Lestè nan Depatman Latibonit ki fèmen pòt li. Polisye yo ale paske bandi ki fè pati baz Kokorat san ras yo menase pou pran komisarya a an otaj, akoz mank materyèl yo oblije lage pye yo. Malgre pwomès DDA […]Lire plus...
Vè 10è 56 nan aswè madi 21 fevriye 2023 a, tè a tranble pou yon lòt fwa nan peyi d Ayiti. Daprè premye detay yo, episant lan twouve l a 56 km de Marigo, nan Depatman Sidès peyi a. Li te sekwe tou nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo. Li souke ak magnitid […]Lire plus...
Aprè 2 gòl Melchie Daëlle Dumornay alyas “Corventina” fin enskri nan match la, seleksyon nasyonal feminin ayisyèn nan mete do Chili atè 2 a 1. Malgre Nérilia Mondésir rate yon penal, sa pa anpeche Ayiti jwenn biyè a pou mondyal la ki pral òganize nan 2 peyi ki se Nouvèl Zeland ak Ostrali. Se nan […]Lire plus...
Yon ti kras tan aprè Joe Biden sot fè yon vizit sipriz nan peyi Ikrèn, Vladimir Putin, nan yon deklarasyon kritike Etazini anpil. Se Loksidan ki vini ak yon seri vye bagay ki kraze Ikrèn. Yo defòme kilti nou, yo vini ak pedofili epi fanm ak fanm gason ak gason, pawòl prezidan Larisi a ki […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com