Prèske tout lekòl kanpe travay, anpil biznis fèmen pòt yo, moun prèske pa sòti al nan aktivite yo, depi ayè lendi a, anpil paran blije kenbe ti moun yo lakay paske yo pa konn kisa ki ka pase nan lari a. Majorite moun ki pran lari nan sektè enfòmèl la se an chat kalis e […]Lire plus...
Nan dènye sòti li a, DG PNH la, Frantz Elbé te di li pral ranfòse tout komisarya yo e an menm tan deklanntche yon operasyon li batize Tornade 1. Depi lansman operasyon sa a, polisye nan anpil rejyon anndan peyi a se manifeste y ap manifeste pou mande bon jan materyèl e egzije Wo Kòmandman […]Lire plus...
Komisè Minisipal Sergo Dasmy nonmen nouvo responsab komisarya ki nan ayewopò entènasyonal peyi d Ayiti a, li ranplase Isaac Mérilien. Prophète Joachim vin nouvo direktè Direksyon Ransèyman Jeneral yo epi komisè Aladin Jean-Louis ki te nan jiridiksyon Petyonvil la transfere nan DCPA, se Wo Kòmandman PNH la ki bay detay sa yo. Chanjman sa yo […]Lire plus...
Jacques Lafontant, pou montre dezakò l ak Louko Désir epi Esaüe César li twouve k ap site non l mal nan radyo, envite yo vin reponn kesyon l 1e fevriye 2023 k ap pwoche la a. 2 animatè yo t ap fè analiz sou sanksyon CSPJ pran kont Jacques Lafontant an. Malgre li pat sètifye […]Lire plus...
Gwoup gang Vitel’Homme nan fin depatcha Sou-komisarya Pènye a, yo mete pye yo kounye a nan Belvil kote yo kraze yon mi. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se abitan nan zòn nan ki fè rezistans ak bandi yo ki fè dega yo pa pi grav. Se 3 atak youn dèyè lòt bandi yo fè sou […]Lire plus...
Sou-komisarya Pènye a pa egziste ankò. Bandi ki fè pati gwoup gang ki gen Vithel’Homme Innocent nan tèt li a depatcha l nèt nan lannwit samdi 28 janvye 2023 a. Pou kounye a, se gwoup gang sa a ki gen kontwòl zòn sa a 100%. Komin tankou Site Solèy, Matisan, Lyankou, Ti Rivyè pa gen […]Lire plus...
Depi premye minis Ariel Henry pran tèt Primati Repiblik d Ayiti nan dat 20 jiyè 2021 daprè yon rapò RNDDH, gen 78 polisye ki asasinen. Chif sa reprezante yon mwayèn 5 ajan pa mwa. Depi ane 2023 a kòmanse, pou pi piti 14 polisye mouri epi 2 disparèt. RNDDH lage responsablite a sou Prezidan CSPN […]Lire plus...
“M renmen Johana men m pa renmen sa l fè yo”, deklarasyon Òm dafè Jhonson Napoléon konsènan sè li Johana Napoléon FBI arete poutèt l ap bay etidyan fo diplòm enfimyè. Aksyon malonet Johana fè yo pa gen anyen pou wè ak antrepriz mwen ki se Azure College, daprè sa li ajoute. Antreprenè a pran […]Lire plus...
2 000 ayisyen, 4 700 kiben ak 800 nikaragweyen se kantite migran ki deja gen otorizasyon pou ale lakay Tonton Sam nan kad pwogram administrasyon Joe Biden nan mete sou pye a. Moun sa yo deja gen bon jan papye nan men yo e li rete sèlman pou yo pran avyon epi antre Etazini daprè […]Lire plus...
Aprè anpil silans depi l sòti Ajantin nan, Ariel Henry resi pale yèswa vè 9è 30 nan aswè. Premye minis de facto a fè konnen lè a grav e se nan tèt ansanm pou n rezoud pwoblèm yo. Doktè a yon lòt bò kondane asasina polisye yo e mande DG Frantz Elbé yon rapò nan […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]