Avèk yon delegasyon ki gen plis pase 10 moun, Smith Augustin ki enkilpe nan dosye 100 milyon goud BNC a al fè vire tounen nan non Ayiti nan peyi Ozetazini. Selon yon nòt Laprezidans mete deyò, Smith Augustin al diskite ak kèk dirijan etranje pou sekirite peyi a. Li te menm chita pale ak Luis Almagro ki se sekretè jeneral OEA.
Alòske mesye sa yo p ap regle anyen pou peyi a, yo plede ap vwayaje san pa janm gen rezilta k ap vini vre.