Ayè samdi 22 mas 2025 lan, Lapolis vide Blak atè. Blak se dezyèm chèf gang Foucha a anba lavil e se li ki t ap jere zòn nan pou gang Gran Ravin nan. Blak sa a te plase an dezyèm pozisyon aprè kriminèl ki rele Gran Jipon an, li gen yon ti non VS tou. Blak te patisipe nan yon repòtaj France 24 te fè nan peyi d Ayiti. Youn nan wòl li te okipe se te fè resèt sou Wout Dal ak ri Wa Levèk.
Se yon kou enpòtan lè n konsidere kantite dega kriminèl sa a konn fè nan Pòtoprens.