Lionel Delatour, se nouvo anbasadè ayisyen nan peyi Etazini. Li remèt lèt kreyans li bay prezidan ameriken an, Donald Trump jedi ki te 12 jwen 2025 lan nan yon seremoni ki te òganize anndan Mezon Blanch lan. Se Petèt yon nouvo depa sou plan diplomatik pou Ayiti k ap fè fas ak yon pakèt kriz, sitou sou plan migratwa.
Yo prezante Lionel Delatour kòm yon moun ki metrize domèn sa a e ki ta dwe itil peyi a sou sèn entènasyonal la.