Fritz Longchamp, ansyen minis zafè etranjè peyi d Ayiti remèt lèt kreyans li bay prezidan dominiken an Luis Abinader nan kad yon seremoni ofisyèl ki te dewoule jounen jedi 29 me a nan Palè prezidansyèl la. Nouvo anbasadè sa a antre an fonskyon an Repiblik Dominikèn nan yon kontèks difisil kote ayisyen ap moute yon maswife anba men imigrasyon dominikèn.
Anpil òganizasyon k ap defann dwa migran espere nouvo anbasadè sa a ka rive apeze kriz la.