Jedi 12 jwen 2025, konpayi ayeryèn IBC Airways ki imatrikile N241-BC ateri nan ayewopò entènasyonal Okay la ki gen pou non ayewopò Antoine Simon. Se yon vòl esè ki sòti Miami yon fason pou yo kapab gade kòman vòl entènasyonal kapab vin regilye nan Sid peyi a. Mwa Out 2020, IBC Airways te fè vòl esè tou Okap Ayisyen.
N ap raple ayewopò sa a pa gen lontan depi l inogire Okay men li resevwa anpil kritik paske nòm entènasyonal yo pa respekte vre.