Mèt Guerby Blaise ekri Pakè Pòtoprens pou l mande l klase dosye Stéphane Vincent ki se ansyen direktè imigrasyon an san swit. Selon avoka yo, akizasyon ULCC fè sou kliyan yo a pa kanpe sou anyen. Avoka a di pa gen ase prèv pou yo kenbe dosye sa a toujou. Selon mèt la, Stéphane Vincent pat plase pou te resevwa lajan nan men kliyan, li pat gen okenn konesans sou zafè jesyon lajan pandan l te nan bwat la donk ULCC la gen dwa akize l.
N ap raple ULCC, nan dènye rapò anket li a fè konnen Stéphane Vincent detounen fon Leta.