Nan pwojè konstitisyon sa a mesye dam yo mete sou pye san okenn konsiltasyon popilè a, nan atik 73 la, nan pwen 1 an, li di pou yon moun eli depite, fòk li se ayisyen, fòk li pa gen doub nasyonalite. Si w gen 2 nasyonalite, ou p ap ka depite, senatè, minis, sekretè d Eta, Direktè ULCC, jij nan konsèy konstitisyonèl la pou n site sa yo ase.
Si konstitisyon sa a reyisi pase, li pral leve plim sou do dyaspora yo pi rèd ankò paske yo toujou ap denonse sa.