Pou pi piti 6 bandi bwè dlo bouch yo nan komin Kenskòf ayè dimanch 26 jiyè 2026 la nan lokalite Vya. Pandan atak sa a, fòs lòd yo sezi yon zam. Selon temwanyaj kèk moun ki t ap swiv, afwontman yo te vyolan anpil nan tèt mòn nan. Teworis yo te fè kachèt yo nan […]Lire plus...
Zèfèyis yo eseye kidnape yon biznismann byen bonè maten samdi 25 jiyè 2026 la nan Dèlma 33, toupre Lopital Inivèsitè Lapè. Viktim nan te nan yon machin blennde, sa ki fè bal yo pa t rive atenn li. Daprè temwen yo, asayan yo te nan yon Toyota Hilux blan ak defans nwa. Yo te frape […]Lire plus...
Ministè Edikasyon Nasyonal anonse louvèti 7 nouvo lise nasyonal nan plizyè depatman nan peyi a. Nouvo etablisman yo se lise nasyonal Despas nan komin Koto depatman Sid, lise Batis ak Kwafè nan Sant, lise Mare-Savon, Dos-d’Âne ak Poste-Métier nan Nòdwès epi lise Duquillon nan depatman Grandans. Daprè ministè a, desizyon sa a antre nan kad […]Lire plus...
Aprè Pwofesè Boyer ak Pwofesè Télémaque, se yon lòt kad nan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn ki tonbe anba men gang yo. Aramis Almonor, kontab an chèf ministè a, viktim kidnaping depi plizyè jou nan Pòtoprens. Seri anlèvman sa yo soulve gwo kestyon sou kapasite otorite yo pou pwoteje menm responsab ki nan administrasyon piblik […]Lire plus...
Yon tribinal federal Ozetazini kondane Keegan Harricharan, 42 lane, a 20 ane prizon pou konplo ak blanchiman lajan. Daprè Depatman Jistis ameriken, lajan li te ede transfere yo te sèvi pou finanse operasyon ki te mennen nan asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021. Ankèt yo revele plis pase 255 000 […]Lire plus...
Anviwon 150 motosiklèt san plak ak asirans sezi jedi 23 jiyè 2026 pandan yon operasyon OAVCT ak PNH nan Wanament. Direktè OAVCT Wanament lan, Jean Jacques Gustave, fè konnen objektif operasyon an se mete veyikil yo an règ, ranfòse sekirite epi ankouraje chofè yo regilarize dokiman yo pou evite sanksyon.Lire plus...
Ecclésiaste Télémaque, direktè kabinè minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, tonbe anba men bandi ayè jedi 23 jiyè 2026 la nan aswè nan zòn Dèlma 31. Selon enfòmasyon yo, kriminèl yo te fè zak la pandan pwofesè Télémaque t ap antre lakay li. Yon lòt ka kidnaping ankò ki soulve kestyon sou sitiyasyon sekirite a […]Lire plus...
Selon kalandriye Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pibliye jedi 23 jiyè 2026 la, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo prevwa pou 13 desanm 2026. Rezilta yo ta dwe pibliye 9 janvye 2027, pandan dezyèm tou a fikse pou 21 fevriye 2027. Si kalandriye a respekte, Ayiti ta dwe gen yon nouvo prezidan nan lane 2027. […]Lire plus...
Seleksyon ayisyèn nan konnen advèsè li yo pou Lig Nasyon CONCACAF 2026-2027 la. Grenadye yo nan Gwoup A ansanm ak Kostarika, Trinidad, Kiraso, Nikaragwa ak Repiblik Dominikèn. Yo pral jwe 4 match ant mwa septanm ak oktòb 2026. Malgre yo poko gen yon nouvo antrenè apre depa Migné, Grenadye yo deja konnen pwogram yo pou […]Lire plus...
Majistra Gonayiv, Gina Jeanty, anonse yon arete pral soti pou konbat bri twòp nan vil la. Mezi a pral vize motosiklèt ki modifye mòflè yo ak machin son ki twouble trankilite piblik la. Administrasyon minisipal la fè konnen objektif la se diminye polisyon sonò epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an.Lire plus...
