Redaktè an Chèf

Bob C di li kanpe rèd nan do Guy Philippe

Roberde Celiné « Bob C », ansyen jounalis vedèt radyo Karayib fè yon deklarasyon ki etone anpil moun sou radyo Mega ayè lendi 8 janvye 2024 la. Pandan l ap patisipe nan emisyon Boukante Lapawòl ak Henry Guerrier, leyoganè deklare li pare pou l envesti 80% nan sa l posede nan mouvman Guy Philippe la. Bob C […]Lire plus...

Bedjine frape fò sou nouvo albòm Ekip la

Chantèz Bedjine, youn nan vwa feminen k ap frape trè di nan HMI la, jodi a li kolabore ak Shabba-Ekip sou nouvo albòm djaz la ki gen pou tit « Makiye Mizè w ». Se sou 3e mizik ki sou albòm lan ki gen pou tit « Separasyon » kolaboratris Kadilak la patisipe. Anpil fanatik atis la deja ap […]Lire plus...

PNH la fouke yon nonm ak yon badj Lapolis epi

Vandredi 5 janvye 2024 la, nan Avni Poupla, zòn Kafou Samida, yon patwouy polisyè arete Chérubin Nico ki gen 29 lane. Misye abite Ravin Pentad daprè enfòmasyon Lapolis bay. Yo jwenn nan men Nico yon fo zam avèk yon badj polisye. Pou kounye a, fòs lòd fè konnen Chérubin Nico plase nan gadavi annatandan pouswit […]Lire plus...

9 kadav kankannen dekouvri nan Dèlma 19

Nan « Ri Pierre Anselme », Dèlma 19, yo leve jwenn kadav 9 moun boule nwè tankou chabon dife maten dimanch 7 janvye 2024 la. Pa gen pèsonn ki konn nan ki sikonstans moun sa yo gaspiye nan yon eta parèy. Gen kèk temwen ki fè konnen se depi mwa desanm 2023 pratik sa a vin plis […]Lire plus...

Gen Kèk gwo chèf nan PNH la ki nan tete

« International Crisis Group » ki tabli katye jenerel li nan peyi Bèljik, yo pa kache kè sote yo genyen sou rapò ki genyen ant chèf gang yo ak kèk wo grade nan PNH la nan peyi d Ayiti. Selon enstans sa a, gen kèk gwo zotobre nan PNH la ki te bloke yon operasyon ki ta […]Lire plus...

Skandal Okap Ayisyen masi-madi anvayi Vil la

Nan klèb « Tipsy’s bar » nan vil Okap, yon madivin mande yon parèy li maryaj an prezans tout tout moun. Yon dezòd ki egzije komisè gouvènman Okap la, mèt Charles Edouard Durand debake epi fèmen klèb sa a “Nou menm kòm avoka nan sosyete a” nou estime se vrèman malsen, se deklarasyon komisè a nan mikwo […]Lire plus...

Contact Us