Sòti janvye 2023 pou rive fen fevriye 2024, 156 mil Ayisyen, 81 mil Kiben, 71 mil Nikaragweyen ak 97 mil Venezyelyen deja apwouve nan pwogram Biden nan. Selon chif CBP mete deyò vandredi 22 mas la, sou 156 mil konpatriyòt ayisyen ki apwouve, deja gen 151 mil ki rive lakay Tonton Sam. N ap raple […]Lire plus...
Solèy ki leve maten an pou zòn sa yo se katouch : Fò Nasyonal, Nazon, wout Kafou Ayewopò/Simon Pele, Taba, Laplèn, Klèsin, Channmas, pou n site sa yo ase. Depi vè 4è nan maten, bandi yo ap tire sou baz BOID la zòn Fò Nasyonal, yo atake baz BIM nan tou Klèsin ak anpil lòt […]Lire plus...
Ariel Henry pa Pòtoriko ankò daprè sa yon sous diplomatik pataje ak medya MĂ©tronome. Pou kounye a, ansyen premye minis Ariel Henry twouve l Kalifòni e li toujou anba kontwòl Sèvis Sekrè ameriken. Sèlman poko gen moun ki ka di si Ariel ap retounen nan peyi d Ayiti oubyen y ap kenbe l nèt lòtbò […]Lire plus...
Sòlda Bout Ba yo pete bal sou Ti Sony youn nan bandi yo tou, aprè sa yo rache l. Dram sa a rive aprè Ti Sony sa a ta fè yon derespektan ak Bout Ba, daprè enfòmasyon k ap sikile. Se menm Ti Sony sa a ki te konplote ak Bout Ba pou touye Dieufort […]Lire plus...
Ant Dèlma 62 pou rive 95, plizyè kadav jenn gason blayi atè e tout se kadav bandi ki pa fin boule. Pandan UTAG t ap kwense Ti Grèg la, gen plizyè lòt bandi ki te avèk li ki tonbe. Popilasyon an te pran yo, fin touye yo epi kole dife sou yo. Nan Petyonvil tou, […]Lire plus...
Nan fen jounen jedi 21 mas la, plizyè elikoptè vin depoze militè kanadyen nan peyi a ki vin siveye Anbasad Kanada ki sou Dèlma a. Militè sa yo deja pran pozisyon sou do bilding nan, daprè kèk imaj k ap sikile sou rezo yo. Pandan tan sa a, minis Zafè Etranjè kanadyèn nan, MĂ©lany Joly […]Lire plus...
Apenn li sot sove nan prizon, Ezequiel Alexandre reprann kontwòl katye Kafou Fèy e li kanpe kòm sèl sovè. Lè li tounen nan zòn nan, towo a mache ak yon foul moun ki te anvi retounen lakay yo akoz bandi gran ravinn te fin mete yo deyò anba katouch. Se yon foul moun k ap […]Lire plus...
Ernst JulmĂ©, alyas Ti Grèg ki t ap opere nan Dèlma 95 jwenn ak lanmò l nan kòmansman sware jedi 21 mas la. Daprè enfòmasyon Lapolis fenk bay pou konfime nouvèl la, li fè konnen se nan yon operasyon sible ajan UTAG yo, nan tèt kole ak lòt inite nan Lapolis la tankou SWAT rive […]Lire plus...
“Akoz enterè divès medya yo, mwen fè nou konnen Larisi poko janm abòde fòs politik peyi d Ayiti ak demand pou sipòte youn oubyen lòt pwovizyon ki sòti andeyò pou rezoud kriz la an Ayiti”, se sa Anbasad la ekri sou kont X li. Desizyon MoĂŻse Jean-Charles pran pou voye reprezantan l nan Konsèy Prezidansyèl […]Lire plus...
Daprè yon sous ki fè pati Lapolis la, regwoupman gang “Viv Ansanm” ki gen kòm pòt pawòl Babekyou ap mennen yon atak nan baz CIMO a anba Dèlma a. Polisye ki anndan an ap mande bakòp paske yo di yo pa konn konbyen tan y ap ka fè ap goumen ak nèg Ki gen zam […]Lire plus...