Redaktè Jounal

Leta ayisyen nan bòl grès li ak zafè paspò sa

Pou kantite demand paspò ki fèt sou sistèm Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon sòti 1 pou bout 27 fevriye 2023 sa a, Leta ayisyen prevwa antre 993 milyon 448 mil goud pou mwa fevriye a sèlman, daprè sa Métronome anonse nan yon tweet. Depi lè prezidan Joe Biden lanse pwogram imanitè sa a 6 janvye 2023, […]Lire plus...

Yon moun mouri ak 2 lòt blese nan Pak Sent

Nan goumen pou fè paspò nan sant biwo Imigrasyon ak Emigrasyon mete nan Pak Sent Terèz Petyonvil la, yon moun pèdi lavi l, 2 lòt blese aprè zam yon polisye fin dechaje epi katouch simaye. Daprè moun ki te sou plas zak sa a rive pandan plizyè moun ap goumen pou antre anndan an, polisye […]Lire plus...

Youn nan prezime asasen 7 polisye Lyankou yo arete kay

Lapolis an Repiblik Dominikèn prezante Géraldo Brutus kòm youn nan bandi ki te asasine 7 polisye UDMO Lyankou yo 25 janvye 2023 a. Yo arete l lendi 20 fevriye a nan aswè nan yon minisipalite ki rele Duvergé nan pwovens independencia an Repiblik Dominikèn. Lapolis dominikèn konfime Brutus se yon endividi Lapolis t ap bouske […]Lire plus...

Bandi kidnape yon lòt medsen nan Pòtoprens

Aprè doktè Geneviève Artys ak doktè Louis Gérald Gilles ki li menm libere, ayè mèkredi 22 Fevriye 2023 a nan Pòtoprens zago loray yo anlve doktè Jeanty Fils Exalus. Sa fè 3 medsen yon sèl kou ki nan men bandi yo. Lis medsen ki viktim kidnaping nan peyi a pa sispann ogmante. N ap raple […]Lire plus...

Dominiken pral kapab ale an Ewop san viza apati 2025

Gras ak yon paspò elektwonik, dominiken yo ap kapab vwayaje pou ale an Ewop san viza. Se Digna Reynoso direktris jeneral paspò yo ak Edward Figueroa ki reponsab Depatman k ap remèt ak renouvle paspò yo ki anonse nouvèl la. Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elekwonik sa yo. L ap valab pou […]Lire plus...

Contact Us