Redaktè Jounal

Lapolis kontinye fè mò nan vil Okap

PNH la nan yon nòt anonse yo mete fen nan lavi 2 prezime bandi nan vil Okap ayè lendi 20 fevriye a nan aswè. Youn rele Ti Boule e lòt la Sonson. Lapolis fè konnen yo t ap chache mesye sa yo anpil. Yo jwenn nan men yo yon zam kalib 38 ak yon manchèt. […]Lire plus...

Ayiti se dènye espas pou moun ta viv sou latè

Pwoblèm yo miltipliye pa mil nan peyi d Ayiti. Gaz ap vann nan lari kounye a paske ponp pa alamòd. Pa gen manifestasyon kont dola ameriken an k ap toupizi goud la ankò, tout lopital Leta yo malad, bandi ranplase Lapolis e se yo ki fè lalwa. Lekòl ap fonksyone pa relèv e mete sou […]Lire plus...

Kanada kontinye founi Ayiti machin blennde yo

Justin Trudeau, premye minis kanadyen an anonse yo voye 3 lòt blennde nan peyi d Ayiti nan sa l te voye achte yo pou kontinye ede Lapolis trake bandi yo. Sou 18 blennde Leta te kòmande yo, sa fè 8 Kanada voye. Nan yon tweet Sébastien Carrière ki se anbasadè peyi Kanada nan peyi d […]Lire plus...

11 mil 637 migran deja ateri Etazini nan kad pwogram

Anbasad amerikèn nan peyi Kiba anonse gen anviwon 11 637 migran Kiben, venezyelyen, nikaragweyen ak ayisyen ki deja antre Etazini. Moun sa yo ki te deja jwenn benediksyon USCIS la deja ap dodomeya lakay Tonton Sam. Pwosesis la ap kontinye trè byen daprè sa anbasadè ameriken nan peyi Kiba a ekri nan yon tweet. Yon […]Lire plus...

Doktè Louis Gérald Gilles anba men bandi

Bandi ki ame jouk nan dan pote ale doktè Louis Gérald Gilles devan klinik li nan Dèlma 103. Zak sa a pase aprè midi jedi 16 fevriye a. Doktè Gérald Gilles se prezidan pati politik NOULAH e li se ansyen palmantè sou pati Fanmi Lavalas. Se fanmi l ki konfime enfòmasyon an. Tout kouch sosyal […]Lire plus...

Contact Us