Redaktè Jounal

4 prezime bandi pran bwa kale nan Meyòt

Nan echanj kout zam ak Lapolis aprè midi dimanch 21 avril 2024 la, gen 4 prezime kriminèl ki tonbe. Bandi sa yo ki sòti nan gang Vitelòm nan t ap eseye vin simen latwoublay nan zòn Metivye, Dyèg ak Meyòt lè popilasyon an mete ak Lapolis epi kase met nan men yo. Pandan kout bal […]Lire plus...

Mèt peyi yo piye Près Nasyonal ki anba lavil la

Yo leve jwenn Près Nasyonal ki tou prè Penitansye Nasyonal la piye byen bonè maten vandredi 19 avril 2024 la. Bandi yo pote ale anpil materyèl enpòtan ki te genyen nan lokal la daprè enfòmasyon nou jwenn. Anpil enstitisyon piblik prèske fin debalize nan Pòtoprens. Pyès moun pa konn ki kote bagay sa a ap […]Lire plus...

Kèk konpayi avyon anonse repriz vòl pou mwa me a

Depi aprè zèfèyis yo fin ogmante volim ensekirite a nan peyi a, aprè Sunrise ki fè kèk vòl sou Okap. Pòtoprens toujou rete bloke. Sèlman American Airlines ki gen rezèvasyon pou 2 me 2024, JetBlue anonse vòl pou 15 me k ap vini la a. Kanta konpayi Spirit ki fè vòl Okap ak Pòtoprens, pa […]Lire plus...

Contact Us