Redaktè Jounal

Kanada pral finanse Akademi Polis la ak 9.9 milyon dola

Yon pwotokòl antant siyen ant gouvènman ayisyen an ak gouvènman kanadyen an jodi jedi 30 mas 2023 a. Antant sila a se Ricard Pierre, minis Planifikasyon ak Emmélie Prophète Milcé, minis Jistis pou Ayiti epi Sébastien Carrière, anbasadè peyi Kanada a ki siyen l. 9.9 milyon dola sa a ki se anviwon 7.3 milyon dola […]Lire plus...

Donald Trump antrave ak lajistis amerikèn

Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump nan vizè lajistis Manhattan pou yon zafè 130 mil dola li dwe vèse bay yon aktris pònografik ki rele Stormy Daniels. Se premye fwa nan listwa Etazini pou lajistis enkilpe yon prezidan ki pa an fonksyon. Donald Trump deja trete desizyon Pwokirè Manhattan nan, Alvin Bragg pran an de […]Lire plus...

Bilan dega bandi yo nan Vivy Mictchell

Yon moun mouri, non li se Jean Bernard Céjuste, chofè jij Durin Duret, konseye nan CPSPJ, Jean Maxène Jean Paul, polisye k ap asire sekirite jij la kindnape, 6 machin boule, 2 kay flanbe ak dife se bilan operasyon malfra Vithel’Homme yo mennen ayè nan Vivy Mictchell, nan Vilaj Les Palmes. Se jij de pè […]Lire plus...

Yon ansyen DG BMPAD gen manda entènasyonal dèyè l

Patrick Noramé, ansyen Direktè Jeneral BMPAD la gen yon manda entènasyonal ki lage dèyè l ayè lendi 27 mas 2023 a. Chèf akizasyon yo se kòripsyon, blanchiman lajan, finansman teworis ak detounman fon piblik ki estime ak 124 milyon 355 mil 146 goud selon ULCC. Daprè sous la, gen yon ventèn lòt moun ki te […]Lire plus...

Entèdiksyon depa kont Yannick Joseph la leve

Komisè gouvènman Pòtoprens lan mèt Jacques Lafontant retire entèdiksyon depa li te mete dèyè ansyen responsab Sendika Polis Nasyonal la « SPNH17 », Yannick Joseph. Nan menm korespondans sa a, chèf pakè a retire manda darè li te lage dèyè l la tou. Li deja voye yon korespondans bay DCPJ sou nouvèl desizyon sa a. Yanick Joseph […]Lire plus...

Contact Us