Redaktè Jounal

Bandi ak zam kontinye manje polisye an Ayiti

Sou 8 jou, sa fè 4 polisye ki tonbe, 3 Tomasen e youn Kwadèboukè. Samuel François, se non jenn polisye sa a ki sòti nan 27e pwomosyon PNH la ki tonbe anba bal bandi dimanch 16 avril la nan zòn Dival, komin Kwadèboukè. Malfra yo asasine l pandan l sou wout pou ale nan travay […]Lire plus...

Yon lòt biznismann kidnape sou plas Jeremi

Samdi 15 avril la, nèg ak zam anlve yon biznismann devan antrepriz li nan Kafou Fèy, espeyalman sou plas Jeremi. Malgre Lapolis te gen avètisman sa pat anpeche bandi yo tire nan tout direksyon epi ale ak sitwayen sa a ki se pwopriyetè yon depo k ap vann pwovizyon alimantè. Nan moman kidnaping sa a […]Lire plus...

Anpil pil politisyen ak òm dafè Ayisyen nan gwo kouri

Nan desizyon gouvènman dominiken an pran 14 avril la, men kèk nan moun ki p ap ka ale Sendomeng : Youri Latortue, Gracia Delva, Liszt Quitel, Rodolphe Jaar, Bredy Charlot, Kesner Normil, Evans Paul, Assad Volcy, Sheriff Abdlah, Salim Sucar, Tholbert Alexis, Pierre Espérance, Hervé Fourcand, Rony Celestin pou n site sa yo ase. Daprè […]Lire plus...

Lapolis fouke yon founisè zam nan Dèlma 32

DCPJ mete anba kòd Roberto Pierre alyas LeGoute ki se pwopriyetè yon Night Club Dèlma 32 paske l se kliyan Kempès, chèf gang Bèlè a, nan zafè zam. Fòs lòd yo jwenn materyèl sa yo lakay li: yon fizi kalib 12, yon pistolè Glock 9mm, 48 katouch kalib 12, 22 katouch kalib 9mm, 2 kas […]Lire plus...

Bandi ak zam kidnape responsab SUMFEST la

Ti Pouchon ALM ki gen pou vrè non Alain Jeudi viktim de zak kidnaping nan lakou Legliz St Charbel la nan Pegivil jedi kite 13 avril la nan aswè. Bandi yo antre anndan Legliz la pandan l ap monte machin li, 4 nèg rale zam yo epi ale avèl ak tout chofè l. Nap raple […]Lire plus...

Ariel di li pral mete fen ak grangou a an

21 milya 600 milyon goud, se montan lajan gouvènman de facto Ariel Henry a di li pral mete atè a pou batay kont ensekirite alimantè nan peyi a. Pwojè sa a ap dire 6 mwa. Se Fon Monetè Entènasyonal k ap bay mwatye nan lajan sa a epi gouvènman an ap mete lòt mwatye a. […]Lire plus...

Chanèl YouTube Izo 5 segond lan elimine

Daprè pòt pawòl YouTube la, Jack Malon, chèn YouTube Izo 5 segond, chèf gang Vilaj de Dye a efase sou platfòm lan. Yo pran desizyon sa a paske chèf gang nan ap difize yon seri mizik k ap pouse moun fè vyolans. Jack Malon di lè yo bay Izo plak la se pa pou sa […]Lire plus...

Contact Us