Fabiola Dupoux Léger ki se sè David Dupoux te viktim de zak kidnaping jounen madi 17 janvye 2023 a nan komin Taba. Se nèg ak ame jouk nan dan ki te fè dappiyanp sou madanm nan. Kèk èdtan aprè anlèvman sa a, fanmi li konfime bandi yo libere l. Pa gen enfòmasyon ki bay sou […]Lire plus...
Gen nan jij CSPJ mete sou kote nan sistèm nan pou vòlè tè, poutèt yo bat moun e menm blese yo. Gen youn pami yo CSPJ voye ale paske li te dechèpiye bijou li te jwenn sou yon kadav pandan l t al fè konsta l, daprè sa Métronome rapòte. N ap raple defen prezidan […]Lire plus...
Pami jij sa yo CSPJ pa remèt sètifika pou kontinye travay gen Jacques Lafontant ki se komisè gouvènman, Brédy Fabien, Gary Orélien, Ikenson Edumé, Yvon Jean-Noel, Ramoncite Accimé, Macénat Desmornes ki li menm nan Gresye pou n site sa yo ase. CSPJ fè konnen jij sa yo nan kòripsyon, abi otorite, anrichisman nan move kondisyon […]Lire plus...
Léon Jean-Marie Guillaume, direktè CONATEL la vale dlo bouch li nan yon lopital nan peyi Etazini kote l t ap resevwa swen. Direktè a vole jounen lendi 16 janvye a. Li tap soufri ak yon kansè ki te nan stad avanse, ki voye sitwayen an ale. Anpil gwo chabrak tonbe akoz aksidan vaskilè serebral an […]Lire plus...
Bandi ki espesyalize nan fè kidnaping nan zòn Kanaran ak Bon Repo t ap antre ak 2 otaj nan baz yo lè y al kwaze ak yon bakòp Lapolis nan zòn Moléard yè dimanch 15 janvye a. Pou chape poul yo, yo tire sou fòs lòd yo ki yo menm riposte e desann yon bandi […]Lire plus...
Valcourt Getro, polisye UDMO ki sòti nan 31e pwomosyon Polis Nasyonal la mouri lakay li ayè dimanch 15 janvye a. Kòmandan UDMO a te resevwa yon katouch pandan l te sou travay 4 janvye pase a ak pwòp zam li aprè yon ensidan. Malgre SYNAPOHA te fè demand san pou li, polisye a pa jwenn […]Lire plus...
Dimanch kite 15 janvye a, gen 3 bandi ki vale dlo bouch yo nan zòn Tòsèl nan echanj kout zam ak Lapolis. Bandi yo te anvayi kay yon jij de pè ki nan menm kominote sa a. Jiska aswè dimanch sa a, zòn nan rete anba gwo tansyon, pyès moun paka deplase tèlman bri zam […]Lire plus...
Final « Super Coupe d’Espagne », ekip Barcelone nan kase met nan men ekip Real Madrid la 3 gòl a 1 jodi dimanch 15 janvye 2023 a. Gavi fè premye gòl la, Lewandosky make 2e nan ak pedri ki enskri 3e gòl ekip Barça a. Grenn gòl Real la se Karim Benzema ki enskri l nan fen […]Lire plus...
Jean Gonzales Diamison Théodore alyas pwofèt Berger jwenn arestasyon l jounen samdi 14 janvye a nan zòn Sine Triyonf. Daprè enfòmasyon yon sous nan PNH la bay radyo Métronome, pwofèt la gen bon jan relasyon ak gang nan peyi a. Pwofèt Berger, daprè detay Lapolis bay li pataje bon jan rapò ak gang Gran Ravin […]Lire plus...
Al-Hilal se non yon klèb nan peyi Arabi Sawoudit ki anvi siyen Messi. Dirijan yo deja dispoze 300 milyon ewo chak ane pou pran pi bon jwè mond lan. Klèb Al-Hilal se prensipal rival Al-Nassr, klèb kote Cristiano Ronaldo ap jwe nan peyi sa a. Alòske PSG ap fè tout sa l konnen pou l […]Lire plus...