Redaktè Jounal

Gwo lajan te tonbe an 2019 pou vote PM Fritz

Otorite amerikèn yo fè konnen, nan lane 2019, te gen ant 500 a 600 milyon goud ki te simaye nan chanm depite a pou yo te kapab vote yon kabinè ministeryèl. Se Gary Bodeau, prezidan chanm nan, nan peryòd sa a ki te mennen diskisyon yo pou l te kapab konvenk anpil depite resevwa lajan […]Lire plus...

Depatman Trezò ameriken manyen manm Gary Bodeau

Office of Foreign Assets Control (OFAC) ki anndan Depatman Trezò Ameriken anonse mèkredi 5 avril 2023 a, li sanksyone ansyen prezidan chanm depite ayisyen an, Gary Bodeau pou kòripsyon. « Kèk fonksyonè tankou Gary Bodeau kreye anviwonnman ki pèmèt gang yo ak patizan yo ogmante zak vyolans yo nan peyi a », pawòl Brian E. Nelson ki […]Lire plus...

Venezyela, 40 gwo chèf anba kòd

Lajistis nan peyi Venezyela mare kou krab 40 responsab konpayi petwòl PDVSA ki nan kòripsyon. Akizasyon ki sou do mesye sa yo se detounman byen piblik, asosiyasyon malfektè ak trayizon. Mesye sa yo riske pase anpil ane dèyè kat miray. Nan peyi Venezyela, petwòl la okipe yon plas trè enpòtan nan ekonomi an. Se youn […]Lire plus...

Chèf gang Jerizalèm 3 a vale dlo bouch li

Amaral, se non chèf gang Jerizalèm 3, yon zòn anndan komin Kwadèboukè ki tonbe nan echanj kout zam ak lapolis ayè samdi 1e avril la. Gen Patrick, yon lòt akolit li ki mouri tou. Patrick sa a, daprè PNH la, te sove nan prizon ansanm ak Arnel Joseph jedi 25 fevriye 2021. Li te patisipe […]Lire plus...

Kanada pral finanse Akademi Polis la ak 9.9 milyon dola

Yon pwotokòl antant siyen ant gouvènman ayisyen an ak gouvènman kanadyen an jodi jedi 30 mas 2023 a. Antant sila a se Ricard Pierre, minis Planifikasyon ak Emmélie Prophète Milcé, minis Jistis pou Ayiti epi Sébastien Carrière, anbasadè peyi Kanada a ki siyen l. 9.9 milyon dola sa a ki se anviwon 7.3 milyon dola […]Lire plus...

Contact Us