Jodi dimanch 19 me a, 7 milyon 281 mil 763 elektè dominiken ki Sendomeng ak 863 mil 785 lòt ki aletranje pral gen pou chwazi yon prezidan, 32 senatè ak 190 depite pou Kongrè Nasyonal la ak 20 lòt depite pou palman Sant Ameriken (Palacen). Gen 9 kandida pou prezidan pami yo Luis Abinader, Leonel […]Lire plus...
Yon lòt kalòt marasa Viv Ansanm bay PNH la ankò sou rèy Frantz ElbĂ© a. Prizon sivil Kwadèboukè ak komisarya Polis ki nan vil Kwadèboukè kraze plat atè. Lanmò 100 jou ak baz li debake nan lannwit vandredi 17 me a ak traktè epi vide tou 2 lokal yo atè. Prizon Kabarè a kraze tout […]Lire plus...
Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif te anba kontwòl bandi depi nan lannwit jedi 16 pou bout vandredi 17 me sa a. Anpil moun te konstate zèfèyis yo k ap monte desann nan lokal. Nan mitan jounen an, Lapolis mennen yon atak kont yo e rive repouse yo. Sèlman zèfèyis yo ale ak tout sistèm […]Lire plus...
Sòti 23 pou rive 26 me 2024, anviwon 400 ofisye kenyan ap gen pou debake nan peyi a. Daprè sa ki di y ap vin sekirize Ayewopò a, Palè Nasyonal epi rès yo ap nan lòt pwen estratejik yo. Se yon gwoup ofisye elit ki sòti nan eskwad “Recce, Rapid Deployment Force ak Special Operation […]Lire plus...
Sòti 5 pou rive 11 me 2024 sa a, daprè IDETTE, gen pou pi piti 5 ka agresyon vyòl ki fèt nan Grandans ankò. Pami yo gen Jeff Depeine ki gen 21 lane, li anfrajele yon tifi 5 lane nan komin Ansdeno. Gen yon sèten Ami St-Louis ki t ap eseye vyole youn nan ti […]Lire plus...
“Piti” se sou non sa yo konn prezime kriminèl sa a ki bay lamen ak lanmò maten mèkredi 15 me sa a. Misye t ap eseye kidnape yon Direktè lekòl ak 2 lòt moun ankò tou prè Akademi Polis la, sou Wout Frè a. Pandan l ap poze aksyon an, yon cha Lapolis parèt epi […]Lire plus...
Sunrise Airways nan yon nòt, anonse l ap retounen ak vòl komèsyal ale retou li yo sou Pòtoprens apati lendi 20 me 2024 k ap pwoche la a. Liy ayeryèn nan anonse mezi sa a akoz sitiyasyon sekirite a ki kòmanse retabli nan perimèt Ayewopò a e yo jwenn garanti otorite ayewopòtyè yo sou sa. […]Lire plus...
Nan yon nouvèl atak bandi Maryani yo al tante fè nan komin Gresye maten madi 14 me a, nan lokalite Kolonbye, gen anviwon 3 ladan yo ki tonbe. Popilasyon an mare bandi sa yo ak kòd epi lapide yo ak kout wòch epi manchèt. Bandi yo te bloke wout nasyonal la ak yon konntenè pou […]Lire plus...
Malgre mayo KPK te gentan nan men pi fò moun ki te achte an liy yo, aprè yon plent kite depoze kont mouvman an kote yo di li pa yon bon mouvman. Lanbank deside retounen kòb mayo ak kepi bay tout moun, alòske moun sa yo te gentan resevwa komand yo daprè Anie Alerte. Se […]Lire plus...
Morin Guerrier, papa Guy Webern Guerrier mouri nan lannwit lendi 13 pou bout madi 14 me 2024 sa a. Guy Wewe te toujou konn pale de enpòtans papa l genyen nan vi l e se yon pèsonaj ki ede l fè siksè. Se divès sektè nan kilti peyi a k ap swete animatè konpa sa […]Lire plus...