Redaktè Jounal

Tonton Sam lage Michel Martelly nan gwo kouri

Michel Martelly se dilè dwòg. Se Depatman Trezò ameriken ki lage nouvèl la jodi madi 20 dawout 2024 la, yo anonse gwo sanksyon entènasyonal kont towo a. Lidè PHTK a, menm jan ak anpil lòt gen non yo site nan trafik dwòg ak blanchiman lajan daprè otorite amerikèn yo. Michel Martelly akize tou, selon blan […]Lire plus...

Gouvènman an pibliye bidjè rektifikatif 2023-2024 la

Se yon anvlòp 254,82 milya goud gouvènman an te apwouve semèn pase a nan yon konsèy minis. Jounen lendi 19 dawout 2024 la. Bidjè sa a pral envestiti nan eleksyon, relouvèti lekòl la, akonpanye paran yo, dosye bandi yo. pou n site sa yo ase. Edikasyon Nasyonal gen yon anvlòp 34,32 milya goud, Ministè Jistis […]Lire plus...

Sen-Mak: Fòs lòd yo repran kontwòl prizon an

Vil Senmak se sant yon gwo espektak maten vandredi 16 dawout la. Plizyè prizonye te gaye nan lanati, gwo lafimen nan lakou prizon an. Lapolis pete bal reyèl ak gaz lakrimojèn devan dèyè pou repran kontwòl sitiyasyon an. Bilan pwovizwa 12 prizonye vale dlo nan bouch yo, se yon veritab plon gaye ki te gen […]Lire plus...

DCPJ fè yon bèl kout filè nan komin Taba

Gwo Fanfan ki gen yon otèl nan Kafou Rita ki rele « Anvayi » tonbe anba bal Lapolis nan kòmansman sware jedi 15 dawout 2024 la. Pandan operasyon sa a, gen plizyè lòt move je, pami yo polisye ki te afekte ak gang 400 Mawozo a ki tonbe avèk li tou. Fanfan sa a se yon bon […]Lire plus...

Contact Us