Lincoln Bien-AimĂ© se non polisye sa a ki te sòti nan 28e pwomosyon polis nasyonal la. Li se yon ajan ki te afekte ak BLTS. Pandan l ap rantre lakay li nan komin Gantye, bandi ki fè pati gwoup 400 mawozo krible l ak bal. Se Lionel Lazard, responsab SYNAPOHA ki konfime nouvèl la. Anpil […]Lire plus...
Komisè egzekitif pou refòm polis nasyonal nan peyi Dominikani ki se JosĂ© Vila del Castillo fè konnen kòripsyon fin wonje enstitisyon polisyè a. Sòti depi nan Direksyon Jeneral jous rive nan pi ba nivo a, tout antite yo t ap tranpe nan move zafè. Daprè M. Castillo, si yon moun pa dakò, yo transfere w […]Lire plus...
Lapli sanksyon entènasyonal kontinye ap tonbe sou peyizaj politik la. Otorite amerikèn yo site aktyèl senatè Sant lan Rony CĂ©lestin ak ansyen senatè HervĂ© Fourcand nan zafè dwòg. Rony CĂ©lestin konn fè trafik dwòg ant Ayiti ak Venezyela e ant Etazini ak Bahamas. Pou HervĂ© Fourcand, se avyon prive l li konn itilize nan Sid […]Lire plus...
Nan yon nòt k ap sikile sou rezo yo, gwoup Sogebank ekri ansyen kandida malere nan eleksyon prezidansyèl yo pou anonse l tout kont li yo fèmen e yo remèt lajan li te gen sou li yo. Mezi sa a adopte nan kad sanksyon yo pran kont notè a aletranje. Selon sous yo, se tout […]Lire plus...
Bandi k ap simen latwoublay yo anndan peyi a tèlman vin gen otorite se tankou se yo menm ki fè pati kò polis la. Bandi yo ap opere ak machin Lapolis epi yo gen inifòm plizyè inite nan Lapolis sou yo nan anpil ka kidnaping osinon vòl. Daprè sa kèk sitwayen avize fè konnen, polis […]Lire plus...
Aprè yon odyans ki fèt alekstraòdinè jodi jedi a nan Pakè Jakmèl la, komèsan JoĂ«l Khawly Lapolis te arete 24 novanm pase a jwenn liberasyon l sou kosyon. Vè 6è konsa, lajistis libere òm dafè a ki te arete pou detansyon zam ilegal e li te soupsone pou zafè dwòg. Ministè piblik te mande 6 […]Lire plus...
Louberson Benjamin alyas Ti Youri jwenn arestasyon l lendi 28 novanm 2022 a sou wout Dèlma a. Ti Youri gen akizasyon sou do l kòmkwa li se avoka k ap defann chèf gang baz pilat la. Li te akonpanye ak yon lòt sispèk sou yon moto ki pat legal. N ap raple nan jou pase […]Lire plus...
“Ant manje pou rete vivan oubyen vann, mwen plis kwè lavi an premye kidonk se yo ki plis touche”, deklarasyon Victor BisonĂł, minis Endistri ak Komès Repiblik Dominikèn nan. Minis la deklare nan mikwo laprès depi fwontyè ki separe 2 peyi yo kidonk Ayiti ak Sendomeng fèmen se pou Ayiti sa pi mal paske se […]Lire plus...
Sòti 2015 pou rive 2022, 89% nan 818 885 viza misyon konsila dominiken an bay, se ayisyen ki resevwa yo. E se pliske 600 milyon dola viza dominiken ki vann sou dire sa a men majorite lajan sa a se Ayiti li fèt. Nan yon etid jounal Listin Diario fè, yo dekouvri se an Ayiti […]Lire plus...
Nan komin Kabarè espesyalman nan seksyon kominal Sous Matla, nèg ak zam simen katouch sou abitan nan zòn sa a nan lannwit 29 novanm 2022 a. Aprè atak sa a, daprè moun nan zòn nan, anviwon 15 moun pèdi lavi yo e anpil landan yo pase anba flanm dife mete sou sa, pou piti 10 […]Lire plus...
