Redaktè Jounal

Dosye Jovenel Moïse, FBI fè yon lòt kou

Ajan FBI arete jodi madi 14 fevriye 2023 a nan Florida, 4 gwo sispèk kle nan asasina ansyen prezidan ki te eli anba banyè PHTK. Twa nan nouvo akize yo se Antonio “Tony” Intriago, pwopriyetè Inite Sekirite Konte Teworis ki baze nan Doral, oswa CTU, Arcángel Pretel Ortiz, operatè CTU Federal Academy LLC, ak Walter […]Lire plus...

Gen moun ki reklame jiska 10 mil dola pou ede

Plizyè endividi ofri tèt yo kòm parenn sou rezo yo pou ede moun benefisye nan pwogram “imanitè” Joe Biden nan. Gen moun ki di yo mande yo jiska 10 mil dola vèt. Gen nan moun sa yo ki menm ofri papye ak lòt opòtinite pou moun ki vle yo anndan lajan yo mande a. Depi […]Lire plus...

Yon sitwayen pèdi lavi l nan Pegivil

Nèg ak gwo zam lagè nan men yo Ki tap flannen sou yon pikòp ayè dimanch lan asasinen yon sitwayen nan Ri Doktè NoĂ«l, Pegivil ak 3 bal nan tèt. Viktim nan te rete byen ta nan aswè ap benyen nan san l. Kidnaping ak asasina se pratik majorite bandi k ap feraye nan peyi […]Lire plus...

Yon gwo prezime kidnapè anba men Lapolis

Alexandre Athazar se non endividi sa a. DCPJ ak BRI fouke anwo Dèlma 32 ak 2 pyès sou li. Yon paspò nimewo R11448800 ak yon badj BSAP AB011166. Sitwayen sa a daprè Lapolis enplike nan 12 kidnaping pou pi piti nan kapital la. Se ayè samdi a yo arete misye. Pou kounye a li gade […]Lire plus...

Plizyè manm baz 257 transfere nan prizon

Nan yon rapò DCPJ pibliye, li prezante Alix Estiver alyas “Petit Chef” kòm dezyèm chèf gang baz 257. Petit Chef ansanm ak Kimberly Durosiers ki se Mannken epi gwo enfliyansèz sou Tiktok sanble pa inosan selon anketè DCPJ yo. Nan rapò polis syantifik mete deyò a, yo prezante akize sa yo kòm manm enfliyan baz […]Lire plus...

Frantz Elbé kontinye fè woulman nan Wo Kòmandman PNH la

Alain Auguste vin nouvo Direktè Santral Polis Administrativ (DCPA), li ranplase nan pòs sa a Enspektè Jeneral Joany CanĂ©us e Gaspard Hyppolite ap jwe wòl direktè planifikasyon nan Direksyon Planifikasyon enstitisyon polisyè a. Se komisè Frantz Dimanche ki te nan tèt Direksyon Planifiskasyon avan sa. Frantz ElbĂ© kontinye fè chanjman sa yo daprè sa l […]Lire plus...

Contact Us