Redaktè Jounal

Bandi kidnape yon lòt medsen nan Pòtoprens

Aprè doktè Geneviève Artys ak doktè Louis GĂ©rald Gilles ki li menm libere, ayè mèkredi 22 Fevriye 2023 a nan Pòtoprens zago loray yo anlve doktè Jeanty Fils Exalus. Sa fè 3 medsen yon sèl kou ki nan men bandi yo. Lis medsen ki viktim kidnaping nan peyi a pa sispann ogmante. N ap raple […]Lire plus...

Dominiken pral kapab ale an Ewop san viza apati 2025

Gras ak yon paspò elektwonik, dominiken yo ap kapab vwayaje pou ale an Ewop san viza. Se Digna Reynoso direktris jeneral paspò yo ak Edward Figueroa ki reponsab Depatman k ap remèt ak renouvle paspò yo ki anonse nouvèl la. Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elekwonik sa yo. L ap valab pou […]Lire plus...

Komisarya Lestè fèmen, polisye yo lage pye yo

Aprè komisarya Ti Rivyè Latibonit, Lyankou, Vèrèt ki fèmen kounye a se tou pa komisarya komin Lestè nan Depatman Latibonit ki fèmen pòt li. Polisye yo ale paske bandi ki fè pati baz Kokorat san ras yo menase pou pran komisarya a an otaj, akoz mank materyèl yo oblije lage pye yo. Malgre pwomès DDA […]Lire plus...

Tranbleman tè a pa bliye Ayiti

Vè 10è 56 nan aswè madi 21 fevriye 2023 a, tè a tranble pou yon lòt fwa nan peyi d Ayiti. Daprè premye detay yo, episant lan twouve l a 56 km de Marigo, nan Depatman Sidès peyi a. Li te sekwe tou nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo. Li souke ak magnitid […]Lire plus...

Seleksyon feminin Ayiti a kalifye pou koup di mond 2023

Aprè 2 gòl Melchie DaĂ«lle Dumornay alyas “Corventina” fin enskri nan match la, seleksyon nasyonal feminin ayisyèn nan mete do Chili atè 2 a 1. Malgre NĂ©rilia MondĂ©sir rate yon penal, sa pa anpeche Ayiti jwenn biyè a pou mondyal la ki pral òganize nan 2 peyi ki se Nouvèl Zeland ak Ostrali. Se nan […]Lire plus...

Putin di se Etazini ki vini ak metòd masi madi

Yon ti kras tan aprè Joe Biden sot fè yon vizit sipriz nan peyi Ikrèn, Vladimir Putin, nan yon deklarasyon kritike Etazini anpil. Se Loksidan ki vini ak yon seri vye bagay ki kraze Ikrèn. Yo defòme kilti nou, yo vini ak pedofili epi fanm ak fanm gason ak gason, pawòl prezidan Larisi a ki […]Lire plus...

Real Madrid fini ak Liverpool

Nan match ki te mete Liverpool an fas ekip Real Madrid la jodi a nan Ligue des champions an, malgre anglè yo t ap mennen 2 a 0 sou espanyòl yo, sa pa anpeche yo fini ak Liverpool 5 gòl a 2. Anpil jwè Real yo make gòl pami yo dènye balon dò yo a […]Lire plus...

Lapolis mete fen nan vi yon gwo bandi manm 400

Amos RĂ©my se non youn nan bandi ki fè pati gwoup gang 400 mawozo ki tonbe nan echanj kout zam ak Lapolis nan zòn Bon Repo lendi 20 fevriye 2023 a. Amos fèt nan lane 1993. Polisye yo jwenn li ak pistolè mak Bersa epi yon kouto ak anpil lòt materyèl ankò. Bandi sa a, […]Lire plus...

Contact Us