Lendi 2 janvye 2023 ki sot pase la a, bandi kidnape pastè Smith Mathurin ak tout chofè l alòske yo te abò yon Nissan patrol koulè blanch, plak LO: 01159. Smith Mathurin se pastè Legliz “Corps de Christ” Chalon e li se yon sosyològ tou. Lè yo te anlve l la, madanm li ak kèk […]Lire plus...
Aprè 3 lane depi l te mete anbago sou petwòl venezyelyen an, peyi Etazini, atravè konpayi Chevron pral rekòmanse achte petwòl kay Nicolás Maduro. Nan mwa janvye sa a, Tonton Sam prevwa enpòte 500 000 barik gaz daprè sa Radyo Frans Entènasyonal rapòte. Konfli ant 2 peyi sa yo ta pral pran yon lòt nivo […]Lire plus...
Sa pase nan vil Nouyòk nan peyi Etazini nan ayewopò entènasyonal John Fitz G. Kennedy. Ajan serikite yo dekouvri yon zam semi otomatik anndan 2 bokal manba kote sitwayen an te demoute zam nan epi foure yo a. Misye t ap sòti Rhode Island lè yo rive dekouvri materyèl la kote l te kache yo […]Lire plus...
Mondestin Augustin se non prensipal chèf gang k ap dirije baz 400 egare nan komin Mayisad. Lapolis arete l dimanch 1e janvye 2023 a nan komin Sen Rafayèl. Dezyèm chèf baz sa a se Guersly aprèsa gen Widnal, Kervenson, DJ Cherwing ak Bebeto kòm toutè. Mesye gen ti fanm yo tou daprè Lapolis ki site […]Lire plus...
Li pa vle itilize ni Palè Nasyonal ni Primati pou fè seremoni enstalasyon Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ki gen ladan l Mirlande Hyppolite Manigat, pastè Calixte Fleuridor ak Laurent St Cyr. PM nan te chwazi yon otèl nan Petyonvil pou fè sa men otèl la pa aksepte pou akeyi yon seremoni politik parèy, daprè sa […]Lire plus...
Paske li t ap fè jès ti zonnay sou pwòp pitit fi l an piblik, pastè Legliz “Porte Étroite” la te jwenn envitasyon pakè Pòtoprens, envitasyon li boude jodi mèkredi a. An menm tan, mèt Jacques Lafontant ekri sèvis imigrasyon pou entèdi pastè a kite peyi a pa vwa tèrès, maritim oubyen ayeryèn jiska nouvèl […]Lire plus...
Pastè Armel Lafleur te gen pou l parèt devan tribinal jodi mèkredi 4 janvye a pou lajistis tande l paske l ap deranje lòd piblik. Avoka pastè a ekri pakè Pòtoprens pou mande l repòte odisyon sa a pou 15 jou. Pa gen twòp detay ki bay sou rezon ki fè yo mande pakè a […]Lire plus...
Maçon Silencieux se non yon bandi ki t ap opere nan gang Ti Makak la Lapolis rive retire lavi l. Zak sa pase jounen madi 3 janvye a pandan Lapolis t ap tire ak mesye yo. Maçon Silencieux te konn fè kidnaping nan Laboul ak Tomasen. Gen 3 lòt bandi ki tonbe nan menm atak […]Lire plus...
Yon sivil ame tonbe anba pandan anpil kout zam chante nan Tomasen 32, 40 ak Tomasen 48 aprè midi madi 3 janvye 2023 a ant Lapolis ak bandi ki fè pati gwoup gang Ti Makak la. Daprè enfòmasyon abitan nan zòn nan ak kèk pasan konfye ak nou se yon alèt ki te lanse sou […]Lire plus...
Daprè sa sèvis près polis nasyonal la rapòte, nan echanj kout zam ak Lapolis, gen 3 bandi ki vale dlo bouch yo nan komin Kwadèboukè ayè lendi 2 janvye 2023 a. Anplis de sa, yo anonse ajan ki t ap mennen operasyon sa a sezi yon fizi daso. Seri operasyon sa yo, daprè PNH la […]Lire plus...