Nan kad dosye asasina Jovenel MoĂŻse la, jodi lendi 20 mas 2023 a, jij Voltaire tande pastè GĂ©rald Bataille ak pastè GĂ©rard Forge. Aprè 3 zèdtan li pase ap tande yo, jij la pran mezi pou anile manda yo te gen dèyè yo a e mande yo pou yo toujou rete a dispozisyon lajistis peyi […]Lire plus...
“Nous avons des territoires perdus”, selon sa madam EmmĂ©lie Prophète MilcĂ© ki se minis Jistis ak Sekirite Piblik peyi d Ayiti deklare nan mikwo Radyo San Fen. Minis la di gen anpil tèritwa anndan Repiblik la Leta pa gen kontwòl yo ditou e pami yo, li site Matisan. Sa pa etone pèsonn paske depi plizyè […]Lire plus...
Nèg ak zam asasinen lachman yon polisye trè koni nan Dèlma 18 ki rele Kiki. Bandi yo fin asasine polisye a aprè sa yo pati ak kadav la e pa gen moun ki konn kot yo fè avè l. Kiki te afekte nan inite Cat Team anndan PNH la. Lapolis ap pran kou detanzantan nan […]Lire plus...
Minis defans peyi Kanada ki se Anita Anand fè konnen 2 bato ki te nan lanmè Pòtoprens yo fini ak misyon yo. Bato sa yo te la depi 2 mas pase a kote yo t ap siyone lanmè a pou pran enfòmasyon sou gang yo, daprè sa minis defans kanadyèn nan te di nan yon […]Lire plus...
Bandi touye epi mete dife sou anviwon 10 moun sou Wout Frè maten lendi 20 mas 2023 a, nan zòn Kago epi Tinèl. Gen 4 nan moun sa yo ki mouri nan yon kamyonèt daprè sa nou aprann. Nan moman an la a, se degèpi popilasyon an ap degèpi kite zòn sa yo ak ti […]Lire plus...
Nan yon ti bout videyo k ap sikile sou rezo yo, Fantom filme tèt li ak yon machin lapolis an Repiblik Dominikèn kote l ap ri e l ap salye polisye yo. Se yon videyo rapè a fè pou l dezapwouve moun ki di lapolis ap chache l kou chen fou yo. Atis la kontinye […]Lire plus...
Eric CassĂ©us, se yon ansyen e gwo kad nan Bank Repiblik d Ayiti ki pèdi lavi l lachman anba men bandi ak zam. Li gen 42 lane depi l t ap sèvi pi gwo Bank peyi a. Bandi yo t ap tante kidnape l e lè yo pa reyisi yo simen katouch sou li samdi […]Lire plus...
Jose Martinez se non yon jij federal ameriken k ap travay Miami ki entèdi avoka defans yo pataje prèv ak etranje. Pami moun li entèdi yo pataje enfòmasyon sa yo gen paran ak avoka akize ki aletranje yo. Jij la pran yon “òdonans silans” sou dosye a akoz temwen yo li di ki pa an […]Lire plus...
Aprè midi vandredi 17 mas 2023 a, yon lòt fwa ankò anpil san koule nan komin Petyonvil. Nèg ak zam ki nan gang Vithel’Homme nan touye pou pi piti 3 moun, yo boule anpil machin e anpil lòt dega materyèl anrejistre. Se tèt anba moun Malik ye paske yo pat panse si yo t ap […]Lire plus...
Daprè sa pòt pawòl Kremlen an ki se Maria ZajĂ rova ekri, manda CPI lage dèyè Poutine nan pa itil anyen. Se tan CPI ap pèdi daprè pòt pawòl la paske Larisi pa fè pati Estati Wòm ki kreye Kou Penal Entènasyonal la. Pou Kremlen, manda sa a pa gen anyen pou wè ak lalwa. Li […]Lire plus...