Redaktè Jounal

Lapolis nan Pòdepè keyi yon chèf gang

Charles LĂ©onelson, alye gang Ti Bwadòm nan, se non chèf gang sa a ki vale dlo bouch li ayè dimanch lan nan komin Pòdepè. Se nan lokalite “Blòk Mòn Van” polisye yo desann towo sa a ak tout yon konkonbrèt parèy li nan echanj kout zam. Charles LĂ©onelson patisipe nan asasina divès moun tankou Claudy, […]Lire plus...

4 kolonbyen anba kòd nan beladè

Ayè samdi 21 oktòb la, gen 4 kolonbyen ak yon ayisyen ki t ap fè dilijans pou kite peyi d Ayiti, pou antre kay vwazen an repiblik Dominiken sa yo temwanye bay Lapolis. Yo arete yo sou fwontyè a e se yon arestayon ki trè sispèk daprè anpil obsèvatè pliske se kèk jou aprè arestasyon […]Lire plus...

Se Ayiti ki gen plis moun valide nan pwogram Biden

Daprè dènye rapò Depatman d Eta sòti la a, deja gen 240 000 benefisyè ki antre Etazini sòti mwa janvye pou rive septanm 2023. Sou 52 053 kiben ki otorize, 50 085 gentan ale. Pami 96 445 ayisyen ki valide, 85 258 vwayaje deja. Pou nikaragweyen yo, 44 298 otorize, 38 070 gentan antre Etazini […]Lire plus...

Rutshelle Guillaume pete plafon nan Trace Award Festival

Rutshelle Guillaume te nomine nan TRACE AWARDS Festival ane sa a. Ruth ranpòte tit “pi bon atis” Karayib la devan lòt atis tankou Kalash, Bamby, Princess Lover, Admiral T, Shenshea, elatriye. Michael Brun li menm fini kòm “pi bon DJ” nan mitan divès lòt tankou Uncle Waffles, DJ Spinall, Danni Gato ak DJ Illans. Seremoni […]Lire plus...

Aprè Kanada, Ariel Henry twouve l Meksik

Premye minis Ariel Henry, aprè somè Kanada-Caricom l’an kote diskisyon yo te sitou chita sou kesyon sekirite rejyon an. Jodi li pran avyon pou Meksik sou envitasyon prezidan peyi sa a, AndrĂ©s Manuel LĂłpez Obrador. Y ap gen pou diskite nan somè sa a sou zafè devlopman ak migrasyon sòti demen samdi 21 oktòb la […]Lire plus...

Contact Us