Si samdi 29 la te rate, sanble tout bon vre, jounen lendi 2 oktòb sa a, dosye Ayiti a pral retounen nan konsèy sekirite Nasyon Zini an. Ekspè yo bay randevou pou aprè midi lendi sa a, apati 4è e daprè yon pwen nan ajannda a, yo gen pou diskite sou lèt Antonio Guterres te […]Lire plus...
Jeff k ap yaya kò l nan Kanaran ak akolit yo mete dife nan komisarya Onavil la ayè samdi 30 septanm nan, nan laprè midi. Se Lionel Lazarre, responsab SYNAPOA ki gaye nouvèl la. Nou aprann avan bandi yo mete dife a, yo te drese barikad pou anpeche ranfò rive. Erezman kèk grenn polisye ki […]Lire plus...
Gouvènman dominiken an enstale 3 ponp dizèl pou itilize kanal “La Vigia” a. Ponp sa yo ap rale dlo a depi anlè pou diminye fòs rivyè a. Gen yon ponp ki ka rale 6000 galon dlo, yon lòt 3000 galon e 3e nan kapab rale 6 500 galon. Daprè jounal Listin Diario, kantite dlo 3 […]Lire plus...
Depi ayè vandredi a jiska maten samdi 30 septanm nan, anpil moun blije ap kite Laplèn. Zòn tankou Lizon, Latan, Bon Repo, Kwadèmisyon, Despinos, Meyè, pou n site sa yo ase, abitan yo deplase pou al pran refij yo lòt kote. Nèg ak zam kontinye ap chase yo. Pa gen pyès zòn nan rejyon metwopolitèn […]Lire plus...
Leonel Fernandez, ansyen prezidan dominiken e pwochen kandida pou eleksyon fas Abinader deside pase fè yon vizit pèsonèl sou fwontyè DajabĂłn nan, nan zòn kote kanal la ap konstwi a. Daprè detay nou jwenn se lendi 2 oktòb la l ap gen pou l pase. L ap akonpanye ak manm Direksyon Politik “Fòs Popilè a, […]Lire plus...
Yon machin Lapolis ak tout plak epi ki gen mak komisarya Sodo ap flannen nan peyi a. Se pandan bandi yo t al atake komin sa a yo deplase avèk li pote bay Izo. Nan videyo sa a, chèf gang Vilaj la ak gwo zam li nan men l pandan l ap fè lòbèy. Sèlman […]Lire plus...
Akoz tansyon k ap grandi ant 2 peyi yo, yon kad nan Federasyon Ayisyèn Foutbòl la fè konnen seleksyon ayisyèn yo p ap resevwa match kay vwazen ankò. Se kotidyen “Le Nouvelliste” ki pataje enfòmasyon sa a. Jiskaprezan CONCACAF ap fè presyon sou Federasyon an pou yo jwenn yon lòt peyi pou resevwa match yo, […]Lire plus...
Aprè Show Dadou Dys la te fin voye 13 000 dola pou avansman kanal Madi 26 septanm pase a, Theriel Thelus, ki se prezantatè emisyon “Ti koze ak TT” nan tèt kole ak fanatik li yo kontribye e voye 13 000 dola tou pou avansman kanal la. Daprè sa jounalis la ekri sou paj Facebook […]Lire plus...
“Mwen vle tounen lakay mwen, jan lalwa egzije sa”, pawòl ansyen senatè eli depatman Grandans lan, Guy Philippe ki di li pa santi l an sekirite nan peyi Etazini. Daprè VOA kreyòl, ansyen ofisye polis la di li te dwe pran avyon jedi 28 septanm nan pou antre Ayiti men gen yon ofisye ki di […]Lire plus...
Lendi 2 oktòb k ap vini la a, apati 10è nan maten, moun k ap pwodwi ze nan pwovens ki rele La Vega ak Espaillat deside bay Luis Abinader yon repons. Yo di yo pral depoze plizyè milye ze pouri nan pye moniman agrikòl Moca a. Se yon fason pou yo moutre dezakò yo ak […]Lire plus...