Redaktè Jounal

Etazini pral revoke viza kèk ofisyèl ayisyen

Daprè sa yon responsab nan gouvènman ameriken an deklare bay Ajans Près, Etazini pral revoke viza kèk ofisyèl ayisyen ki an fonksyon ak sa ki te pase kòm dirijan peyi a deja. Y ap pran desizyon sa a kont tout ofisyèl sa yo ki gen zanmitay ak gang an Ayiti. Chèf sa a ki pat […]Lire plus...

Peyi Lafrans nan gwo kalmi poutèt gaz

Sa gen plizyè jou depi pèp Fransè a ap monte yon mòn pa do pou jwenn gaz nan ponp yo. Sa lakoz gen gwo liy nan estasyon esans yo e anplis pri gaz la ogmante. 60% estasyon yo prèske pa gen gaz an rezèv paske estòk yo kaba. Tout sa rive akoz gwoup petwolye yo […]Lire plus...

Moun Tòsèl ak Pènye nan gwo kouri

Sitiyasyon an pliske konplike pou moun ki abite Tòsèl, Pènye ak zòn ki anviwone yo. Anpil moun ki abite nan zòn sa yo oblije kouri kite kay yo akoz gang Vithelome ap dirije a antre lakay yo, piye, kraze brize, kidnape e menm touye moun. Pou jounen madi 11 oktòb la, anpil nan zòn sa […]Lire plus...

Konstriksyon mi sou Fwontyè Ayiti-Sendomeng lan ap vanse

Gouvènman dominiken an konstwi premyè faz kloti fwontalyè ant Ayiti ak Sendomeng lan. Se yon valè 54 kilomèt pou siveyans ak antretyen ki gentan prepare. Minis defans dominiken an Carlos Diáz Morfa nan yon kominike li pibliye ayè dimanch lan fè konnen travay yo ap vanse a gran pa. Daprè minis defans lan, nan piramid […]Lire plus...

Luis Abinader di li fè ase pou ede Ayiti

Nan deklarasyon prezidan domiken an Luis Abinader fè ayè dimanch lan nan Dajabón, li di li p ap aksepte pyès refijye ayisyen nan peyi l pandan peryòd kriz sa a. Peyi m ap sèlman jwe yon wòl diplomatik nan kriz ki gen Ayiti a daprè sa l fè konnen e li ale pi lwen pou […]Lire plus...

Ti rès Sena a pa dakò pou kò etranje foule

Nan yon rezolisyon ki pote dat 9 oktòb 2022 a, ti rès Sena a pran yon rezolisyon pou mande premye minis Ariel Henry kanpe sou zafè l ap mande fòs etranjè vin debake sou tè papa Desalin nan. Daprè sa yo ekri nan rezolisyon sa a, yo di desizyon an pran dèyè do lalwa. Senatè […]Lire plus...

Contact Us