Depi vè 5è maten madi 25 fevriye 2025 sa a, kriminèl ki nan Viv Ansanm yo anvayi Dèlma 30, y ap tire devan dèyè. 2 sòlda FAd’H mouri, non yo se Erick Jean ak Bazile Kempès. Gen plizyè polisye ki pran bal pami yo Angelot, yon polisye trè piblik ki pran yon bal nan tèt. Gen plizyè manm popilasyon an ki viktim pandan atak sa a, san bliye plizyè dega materyèl ki anrejistre.
Pandan atak sa a, gen moun ki blese e gen moun ki mouri selon kèk manm popilasyon an.