Lajistis ayisyèn fin tande 17 kolonbyen ki enkilpe nan asasina defen predizan Jovenel Moïse yo jounen lendi 16 jen 2025 sa a. Prezidan konpozisyon jij yo, Emmanuel Lacroix voye envite plizyè moun pou yo prezante devan Lakou d Apèl apati demen mèkredi a. Non yo se: Martine Moïse, Claude Joseph, Jeantel Joseph, Ardouin Zéphirin, Léon Charles, Renald Lubérice, elatriye.
N ap raple gen plizyè nan moun ki envite yo ki p ap viv Ayiti e genyen ki pa janm vle prezante devan lajistis jis kounye a.