Aprè deklarasyon Ariel Henry fè nan lannwit 7 fevriye a, tout moun ka konprann li pa gen okenn volonte pou l ni kite peyi a ni fè anyen pou rezoud kriz ensekirite a. “Yon fwa ensekirite a bese, m ap lanse eleksyon pou remèt pouvwa a bay moun pèp la chwazi”. Deklarasyon sa a pwouve aklè Ariel Henry pral peze plis sou akseleratè a, li p ap demisyone e l p ap fè anyen pou peyi a entèvansyon li an pwouve sa.
Daprè anpil òganizasyon politik, depi ayè 7 fevriye a, Ariel Henry pa premye minis ankò. Li pa mansyone anyen nan akò 21 desanm 2022 a pandan l t ap pale a kidonk se yon senp sitwayen ki pran peyi a an otaj, daprè yo menm.