Gen plizyè san manman ki tonbe anba bal lapolis jounen lendi 27 janvye 2025 sa a. Lapolis sezi plizyè zam gwo kalib nan men ti vòlè yo ki t ap kouri pasi pala. Polisye yo ansèkle plizyè zòn tankou Fèmat, Platon Kafe, Tomasen, Laboul elatriye. Gen plizyè kote polisye yo ap fè fouy sou motosiklèt a machin.
Tout manm popilasyon an rete solidè ak lapolis pou Kenskòf la tonbe anba men malveyan yo.