Pa vwayaje an Ayiti e nou menm ki te deja la, degaje nou itilize tout mwayen transpò posib, komèsyal kou prive pou nou kite Ayiti, se sa anbasad la ekri sou paj Facebook li. Yo anonse mezi sa yo akoz vyolans ki gen nan peyi a ki kapab mete lavi resòtisan sa yo an danje, jan yo fè konprann li nan nòt la. Yo mande ameriken ki Ayiti yo pou yo pa ale nan espas piblik kote ki gen gwo rasanbleman epi pou evakye zòn ki gen gwo danje yo.
Trè souvan anbasad la sòti nòt sa yo alòske yo byen konnen sa k ap pase a e yo gen solisyon yo tou.