Ansyen depite Kenskòf la PNH la di l ap chache kou chen fou a te pwomèt l ap desann DCPJ pou l al konnen poukisa y ap bouske l paske l se yon sitwayen onèt e kredib. Prezime sipòtè gang nan pa ale vre e daprè sa nou aprann, se avoka l ki di l pa mete pye Bagay yo ka pa fasil pou li. DCPJ ap chache Towo a pou asosiyasyon malfèktè ak finansman gang nan peyi a.
Lè Alfredo Antoine t ap fè tweet la, sanble avoka a pat ko okouran de sa.