Nan yon kominike ki parèt yè sou paj Facebook PNH la, enstitisyon an fè konnen yo rive arete 5 bandi nan Mibalè gras ak sipò popilasyon sivil la. Aksyon sa a rive nan kòmansman wikenn nan.
Bandi ki jwenn arestasyon yo se Lochard Ermond ak Mercidieu Lochard nan lokalite « Tiranyon ». Rès yo se nan lokalite Fon Cheval nan komin Mibalè. Mathieu Peterson alias « Jhonny » ak Petit-Homme Ismaïson ki jwenn arestasyon yo. Yo genyen 26 ak 20 lane. Mesye sa yo gen plizyè chèf akizasyon ki peze sou do yo e Lapolis t ap chache yo aktivman.