Grégory Pierre Michel ak Denizé Stanley mouri anba bal nan yon klèb Dèlma 40B nan sware 14 fevriye 2025 lan. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, se batay polisye sa yo t ap batay epi yon premye tonbe anba bal, patizan premye polisye ki mouri a tire lòt la. Lionel Lazarre, pòt pawòl adjwen PNH la fè konnen gen yon ankèt ki louvri pou yo konn kisa ki pase a.
Se pa premye fwa polisye ap goumen ak frè zam parèy yo pou bagay ki pa itil anyen.