Lory Thermidor ak Louis Jean Robinson se 2 zèfèyis ki se manm aktif gang 400 mawozo a ki t al kache lakay vwazen. Lapolis Dominikèn arete yo e remèt yo bay lapolis peyi d Ayiti sou fwontyè Beladè a samdi kite 1e fevriye 2025 la. Pou kounye a, 2 asasen sa yo ap pran yon ti poz dèyè kat miray annatandan y al bay lajistis plis detay.
Se pa premye fwa gang yo ap fin fè dezòd nan peyi d Ayiti epi y al kache nan peyi vwazen.