Aprè yon reyinyon ki fèt wikenn pase a sou dosye Ayiti a, gen 19 peyi sou anviwon 35 ki se manm Òganizasyon Eta Ameriken ki siyen pou gen yon entèvansyon militè miskle ki fèt sou Ayiti. Desizyon sa a pran pandan yo t ap òganize yon Asanble Jeneral ak peyi manm OEA yo. “Nou afime angajman nou pou ede Ayiti fè fas ak pwoblèm ensekirite sa a”, daprè sa ki sòti nan kominike a.
Ansanm peyi sa yo fè konnen nan rezolisyon an, Ayiti dwe jwenn sipò peyi manm OEA yo ak lòt patnè nan entènasyonal la pou ede l travèse pant disifil sa a. Fòk nou di jiskaprezan Ariel Henry ak akolit li yo chita ap tann solisyon nan men blan yo alòske peyi a kontinye a plonje nan salmanaza.