Tout non ki te site ayè kòm minis yo, se yo menm ki anndan arete sa a ki pibliye jounen madi 11 jwen an nan jounal ofisyèl peyi a ki se “Le Moniteur”. Daprè enfòmasyon ki disponib, gouvènman an dwe enstale demen mèkredi a paske tout dispozisyon pran deja. Avèk arete sa a, tout minis […]Lire plus...
Toujou gen 18 Ministè men se 14 minis k ap pran pòs paske gen Ministè ki melanje. Nan Ministè Agrikilti gen Vernet Joseph, Ministè Afè Sosyal se Wilbert Georges, pou Sante Piblik se Brignol Georges Fils. Edikasyon Nasyonal ak Ministè Kilti se Antoine Augustin ki pral jere yo, pou Ministè Kòmès ak Ministè Touris se […]Lire plus...
Nouvo premye minis Garry Conille deklare yon fwa gouvènman an li an monte, l ap pouswiv tout bandi ki patisipe nan touye polisye nan peyi a, sitou 3 ajan UTAG yo ayè dimanch lan. “Mwen kondane ak tout fòs mwen zak kriminèl sa yo. Mwen kontinye pran angajman pou m batay san pran souf kont […]Lire plus...
Lapolis pran yon gwo frap nan komin Dèlma, 3 ajan UTAG tonbe. Fermetus Emelin, Clovis Peterson, Piton Wilkens Jean Junior pèdi lavi yo nan Dèlma 18 jounen dimanch 9 jwen an. Daprè SYNAPOHA ki konfime nouvèl sa a, gen yon polisye ki blese pandan atak la epi yon blennde pase anba flanm dife gang Viv […]Lire plus...
PHTK, ki fè pati kolektif 30 janvye di li p ap patisipe nan gouvènman an paske gato a mal separe. Premye Minis Garry Conille mete sou tab la 3 non sa yo pou Ministè Jistis: Noé Pierre Massillon, Martine Chevalier ak mèt Carlos Hercule, pou Ministè Finans li pwopoze Ketleen Forestal, Nesmy Manigat ak Agabus […]Lire plus...
Malgre li resevwa anpilyasyon ki pwouve li se premye minis, Garry Conille poko janm ka pran okenn desizyon. Yon ti gwoup nan Konsèy Prezidansyèl la ak Michel Patrick Boisvert ki se premye minis pou yon ti bout tan bloke premye minis la kote siyati l pa valab. Nèg yo ap trennen pye paske yo di […]Lire plus...
Jean Jules Desauguste, jounalis radyo ak televizyon Metwopòl se nouvo pòt pawòl premye minis Garry Conille. Se sa Primati Repiblik la mete deyò nan kominike pandan jounen vandredi 7 jen a. Yon bèl ekla pou konfrè jounalis la ki te mèt seremoni nan moman Konsèy Prezidansyèl la t ap enstale. N ap raple Garry Conille […]Lire plus...
6 koupab ki deja kondane nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la, se yo menm ki pral gen pou peye 6,2 milyon dola kòm frè dedomajman ak Martine Moïse epi Joverlein Moïse. Jij Federal José Martinez mande pou yo bay Martine 5 milyon 305 mil 387 dola pou repare kòb li te depanse lopital, vwayaj […]Lire plus...
Prezidan Ameriken an Joe Biden siyen yon dekrè nan kòmansman semèn nan ki entèdi kèlkeswa migran an, travèse fwontyè Meksik la pou antre nan peyi Etazini. Prezidan an ankouraje tout moun ki vle antre Kay Tonton Sam pou yo pran randevou sou aplikasyon CPB One nan pito. Si se pa sa, y ap arete moun […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon responsab ki nan konsila Repiblik Dominikèn pataje ak laprès, yo fè konnen, pa gen mezi espesyal ki pran kont pasaje ki gen paspò ayisyen. Yo di gen kèk dispozisyon ki pran pou verifye ale retou kap fèt pou tout moun k ap frekante tèritwa yo a. Diplomat la deklare nan mikwo konfrè nou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]