Ayè samdi 22 mas 2025 lan, Lapolis vide Blak atè. Blak se dezyèm chèf gang Foucha a anba lavil e se li ki t ap jere zòn nan pou gang Gran Ravin nan. Blak sa a te plase an dezyèm pozisyon aprè kriminèl ki rele Gran Jipon an, li gen yon ti non VS tou. […]Lire plus...
André Michel k ap chape pou l al kache an Repiblik Dominikèn jounen jedi 20 mas 2025 lan, lè l rive Dajabón, li pase yon move moman anba men plizyè resòtisan ayisyen ki te vle ba li bwa kale. Lidè “barikad se avni nou an” pa mouri se gras ak plizyè militè dominiken ki antoure […]Lire plus...
Plizyè milye moun foule beton an ayè mèkredi kite 19 mas la pou denonse PM kòkòtò ki la a k ap bay gang priyorite sou yo. Depi blòk 6è nan maten, moun Kanavè te sou 2 pye militè yo pou pran direksyon Primati. Rive sou Boudon an, Lapolis ki nan kan primati itilize gaz lakrimojèn […]Lire plus...
Ministè Jistis Amerikèn depoze yon plent penal kont Jhonson André alyas “Izo 5 segond” poutèt li te kidnape yon sitwayen ameriken nan mwa mas 2023. Daprè plent lan, se Izo li menm ki te vizite otaj la epi negosye pri liberasyon an ki ta pral fèt aprè 9 jou. Ministè ameriken an di Izo fè […]Lire plus...
Plizyè lekòl ki nan kapital peyi a ak sou Dèlma a deside kanpe travay pou evite elèv ak pèsonèl yo viktim anba men gang. Se ka pou kèk lekòl tankou: Ti Seminè Kolèj Sen Masyal, Enstitisyon Sen Lwi Gonzag, Kolèj Kanado Ayisyen, Enstitisyon Sakrekè pou n site sa yo ase. Yon lòt bò, Direksyon Depatmantal […]Lire plus...
Ansyen prezidan Michel Martelly ak madanm li Sophia te al swiv mès nan legliz Notre Dame ki nan Miami kote pè Reginald ap dirije. Aprè mès la, ayisyen ki te nan espas la salanbe Martelly anba betiz li menm ak tout madanm li pandan y ap mande yo kisa yo fè a lajan Petro Caribe […]Lire plus...
Se Primati ki jere zafè dwon kamikaz k ap lage sou tèt bandi yo selon plizyè sous anndan PNH la. Entèvansyon lapolis te fè nan antre Vilaj de Dye samdi pase a pat gen dwon kamikaz ladan l. E selon plizyè obsevatè, si PNH la te gen kontwòl dwon sa yo, operasyon yo t ap […]Lire plus...
Inite Lit Kont Kòripsyon voye yon avi bay DCPJ pou yo ede l chache mèt Renan Hédouville, ansyen pwotektè sitwayen paske yo konvoke l plizyè fwa, li pa janm vini. ULCC ap chache Rénan Hédouville pou detounman byen piblik, pasasyon ilegal mache piblik pou n site sa yo ase. Nenpòt kote to jwenn li, fòk […]Lire plus...
Guitho Sénat ki se pwopriyetè otèl “Le Wozo” nan komin Beladè jwenn arestasyon l ayè jedi 13 mas 2025 lan nan vil Ench. Guito Sénat gen non l site nan dènye kagezon zam lapolis dominikèn te sezi a e daprè ankèt ki mennen, se Guito Sénat sa a menm ki te dwe resevwa kagezon an. […]Lire plus...
Gen gwo afwontman ant kriminèl Viv Ansanm yo a lapolis nan kè kapital la jounen jedi 13 mas sa a. Nan zòn sa yo: Nazon, Avni Kristòf, Laflè Dichèn ak divès lòt kote ankò, anpil kout bal chante. Moun nan lokalite Kanpèch nan Kafou Fèy mare pakèt yo ak anpil dezespwa pou yo pati kite […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com