Nan kapital peyi Kanada ki se Otawa, prezidan ameriken an, Joe Biden pral chita pale ak premye minis peyi sa a ki se Justin Trudeau. Nan rankont sa a k ap pran fen demen vendredi 25 mas la, 2 chèf d Eta yo pral kontinye dyaloge sou konjonkti politik la ak dosye ensekirite ki gen […]Lire plus...
531 moun tonbe anba bal, 300 lèzòt blese e 280 kidnape. Se chif sa a Wo Komisarya Nasyon Zini pou Dwa Moun pibliye nan yon rapò jounen madi a nan vil Jenèv. Daprè moun sa yo, se gang nan kapital la ki komèt krim sa yo laplipa ladan yo se tirè delit ki voye yo […]Lire plus...
Etidyan Lekòl Nòmal Siperyè Tchadensky Jean-Baptiste pèdi lavi l jodi madi 21 mas 2023 a sou kabann lopital. Jèn etidyan UEH la mouri aprè l fin resevwa yon bal mawon nan vant nan Ri Chanmas pandan l pral lekòl. Yon lòt jèn avni bal mawon retire nan bouch peyi a. Se pa jodi a se […]Lire plus...
Nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la, jodi lendi 20 mas 2023 a, jij Voltaire tande pastè Gérald Bataille ak pastè Gérard Forge. Aprè 3 zèdtan li pase ap tande yo, jij la pran mezi pou anile manda yo te gen dèyè yo a e mande yo pou yo toujou rete a dispozisyon lajistis peyi […]Lire plus...
“Nous avons des territoires perdus”, selon sa madam Emmélie Prophète Milcé ki se minis Jistis ak Sekirite Piblik peyi d Ayiti deklare nan mikwo Radyo San Fen. Minis la di gen anpil tèritwa anndan Repiblik la Leta pa gen kontwòl yo ditou e pami yo, li site Matisan. Sa pa etone pèsonn paske depi plizyè […]Lire plus...
Nèg ak zam asasinen lachman yon polisye trè koni nan Dèlma 18 ki rele Kiki. Bandi yo fin asasine polisye a aprè sa yo pati ak kadav la e pa gen moun ki konn kot yo fè avè l. Kiki te afekte nan inite Cat Team anndan PNH la. Lapolis ap pran kou detanzantan nan […]Lire plus...
Minis defans peyi Kanada ki se Anita Anand fè konnen 2 bato ki te nan lanmè Pòtoprens yo fini ak misyon yo. Bato sa yo te la depi 2 mas pase a kote yo t ap siyone lanmè a pou pran enfòmasyon sou gang yo, daprè sa minis defans kanadyèn nan te di nan yon […]Lire plus...
Bandi touye epi mete dife sou anviwon 10 moun sou Wout Frè maten lendi 20 mas 2023 a, nan zòn Kago epi Tinèl. Gen 4 nan moun sa yo ki mouri nan yon kamyonèt daprè sa nou aprann. Nan moman an la a, se degèpi popilasyon an ap degèpi kite zòn sa yo ak ti […]Lire plus...
Nan yon ti bout videyo k ap sikile sou rezo yo, Fantom filme tèt li ak yon machin lapolis an Repiblik Dominikèn kote l ap ri e l ap salye polisye yo. Se yon videyo rapè a fè pou l dezapwouve moun ki di lapolis ap chache l kou chen fou yo. Atis la kontinye […]Lire plus...
Eric Casséus, se yon ansyen e gwo kad nan Bank Repiblik d Ayiti ki pèdi lavi l lachman anba men bandi ak zam. Li gen 42 lane depi l t ap sèvi pi gwo Bank peyi a. Bandi yo t ap tante kidnape l e lè yo pa reyisi yo simen katouch sou li samdi […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]