Pandan Inivèsite UNITECH ap fè gradyasyon maten an, bandi ak zam pase devan lokal li a nan Avni N, yo kidnape 2 etidyan ak 5 moun ki te avèk yo, gen 2 moun ki te nan machin yo pral legliz, bandi pran yo. Se gwo dega ki fèt anba lavil la. Se yon total 9 […]Lire plus...
Jean-Dickens Toussaint ak madanm li Abigaïl Toussaint se non 2 ameriken ki gen orijin ayisyèn bandi pote ale. Mesye dam yo gen 33 lane, yo te nan yon bis ki t ap sòti nan kapital la. Rive nan wout, bandi yo fè yo desann epi ale avèk yo alòske yo te vin wè paran yo […]Lire plus...
Aprè viktwa li sou seleksyon Montserrat a 4 a 0, seleksyon nasyonal la monte nan Lig A nan Lig Nasyon yo pou zòn Concacaf la e an menm tan li jwenn biyè kalifikasyon l pou Gold Cup 2023 a. Bitè ayisyen yo se: Duckens Nazon, Frantzdy Pierrot, Derrick Étienne Jr ak Mondy Prunier. Malgre yon […]Lire plus...
Zak bandi yo pa san konsekans sou lavi ak fonksyonman popilasyon ayisyèn nan. Gen anpil moun ki te fenk kite kay yo laplèn pou al lwe lòt kay nan wotè Petyonvil ki oblije ap kouri. Gen lòt ki te apenn achte kay ki kouri kite l poutèt move zak bandi yo. Elèv lekòl menm k […]Lire plus...
Reprezantant espesyal sekretè jeneral Nasyon Zini an nan peyi d Ayiti, madam La Lime rive nan fen misyon li Ayiti. Nan sans sa a, gouvènman an òganize yon Cocktail kote yo remèt ansyèn chèf BINUH an yon plak donè epi remèsye l pou pasaj li an Ayiti. Sonje madan La Lime te kontribye nan kreyasyon […]Lire plus...
Ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy ki se tou manm Sektè Demokratik ak Popilè a epi òm d afè Steeve Khawly, se 2 nouvo non peyi Kanada ajoute sou lis sanksyon l ap bay yo. Mesye sa yo anba sanksyon paske y ap ankouraje ensekirite nan peyi a epi yo patisipe rèd mare nan gwo […]Lire plus...
Devan yon tribinal nan Miami Florid jodi vandredi 24 mas la, Rodolf Jaar ki se youn pami akize nan lanmò defen prezidan an di devan tribinal la li koupab. Òm dafè a di li te bay lajan ak kay pou mèsenè kolonbyen yo e li te menm bay ajan sekirite prezidan yo lajan tou ak […]Lire plus...
Peyi Kanada dispoze pou l mete sou tab la 250 milyon dola. Lajan ki dwe sèvi pou ogmante salè polisye yo ak pou ba yo fòmasyon. Justin Trudeau pral pwopoze Etazini plan sa a paske li di li pa pare pou pran tèt yon twoup 4000 sòlda pou vini Ayiti jan prezidan Biden ap mande […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon k ap sikile nan dènye minit sa yo, Steevenson Telfort alyas “Atros” ki se manm gwoup rap Rock Fam Lame a resevwa bal anba men bandi tou prè lakay li nan komin Dèlma. Gen yon zanmi l ki te avèk li ki kite po l aprè atak sa a. Tantativ asasina sa a […]Lire plus...
Pakèt kout zam ki t ap chante sou Lali a pou rive jis Channmas jodi a pat pou granmesi. Lapolis devye yon tantativ kidnaping kote yo fizye yon prezime kidnapè epi yo sezi 2 zam. Gen yon Toyota Land Cruiser fòs lòd yo rekipere tou. Te deja gen anpil kouri pasi pala anba lavil la […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]