Nan match demi final retou ki te mete fas pou fas Real Madrid ak FC Barcelone fini 4 gòl a zewo an favè Klèb Kapital Espay la. Karim Benzema make 3 gòl nan match sa e pèmèt Real kalifye tèt dwat pou final koup sa a ke l pral jwe fas ak Osazuna. Nan match […]Lire plus...
Otorite amerikèn yo fè konnen, nan lane 2019, te gen ant 500 a 600 milyon goud ki te simaye nan chanm depite a pou yo te kapab vote yon kabinè ministeryèl. Se Gary Bodeau, prezidan chanm nan, nan peryòd sa a ki te mennen diskisyon yo pou l te kapab konvenk anpil depite resevwa lajan […]Lire plus...
Office of Foreign Assets Control (OFAC) ki anndan Depatman Trezò Ameriken anonse mèkredi 5 avril 2023 a, li sanksyone ansyen prezidan chanm depite ayisyen an, Gary Bodeau pou kòripsyon. “Kèk fonksyonè tankou Gary Bodeau kreye anviwonnman ki pèmèt gang yo ak patizan yo ogmante zak vyolans yo nan peyi a”, pawòl Brian E. Nelson ki […]Lire plus...
Nan dènye bilten li mete deyò jodi madi 4 avril la, Sant Analiz ak Rechèch pou Dwa Moun (CARDH an fransè) fè konnen gen 389 moun bandi kidnape an Ayiti sòti mwa janvye pou rive mas 2023. Pou premye trimès sa a tou, gen 29 etranje nèg ak zam anlve toujou daprè CARDH. Nan bilten […]Lire plus...
Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, jan sa te anonse te prezante l devan lajistis nan Eta New-York jounen madi 4 avril la. Fas ak 34 chèf akizasyon li genyen kont li yo, ansyen lokatè Mezon Blanch lan di li pa konn anyen nan sa yo repwoche l yo. Donald Trump, n ap raple te […]Lire plus...
Nan yon rapò li rann piblik jounen lendi 3 avril 2023 a, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH) fè konnen gen anviwon 195 moun ki pèdi lavi yo nan peyi a sèlman pou mwa mas ki sot pase la a. Pami chif sa a, gen 3 polisye ak 2 pastè. Moun sa yo tonbe […]Lire plus...
Lajistis nan peyi Venezyela mare kou krab 40 responsab konpayi petwòl PDVSA ki nan kòripsyon. Akizasyon ki sou do mesye sa yo se detounman byen piblik, asosiyasyon malfektè ak trayizon. Mesye sa yo riske pase anpil ane dèyè kat miray. Nan peyi Venezyela, petwòl la okipe yon plas trè enpòtan nan ekonomi an. Se youn […]Lire plus...
Amaral, se non chèf gang Jerizalèm 3, yon zòn anndan komin Kwadèboukè ki tonbe nan echanj kout zam ak lapolis ayè samdi 1e avril la. Gen Patrick, yon lòt akolit li ki mouri tou. Patrick sa a, daprè PNH la, te sove nan prizon ansanm ak Arnel Joseph jedi 25 fevriye 2021. Li te patisipe […]Lire plus...
Kontrèman ak Ayiti ki gen pou resevwa anviwon 100 milyon dola nan men peyi Kanada, Ikrèn jwenn yon prè 1.8 milya dola an deyò de tout lòt don li deja jwenn nan men Kanada. Lajan sa a, daprè enfòmasyon ki disponib yo Ikrèn ap remèt Kanada lajan sa a sou 10 zan ak yon to […]Lire plus...
Yon pwotokòl antant siyen ant gouvènman ayisyen an ak gouvènman kanadyen an jodi jedi 30 mas 2023 a. Antant sila a se Ricard Pierre, minis Planifikasyon ak Emmélie Prophète Milcé, minis Jistis pou Ayiti epi Sébastien Carrière, anbasadè peyi Kanada a ki siyen l. 9.9 milyon dola sa a ki se anviwon 7.3 milyon dola […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]