Daprè yon responsab nan peyi Etazini Laurent Lamothe te gentan lage kò l nan mawon depi nan fen mwa me ki sot pase a. Nan moman an li pa sou sòl ameriken a paske l te gentan gen nouvèl sanksyon an. Se 30 me 2023, lè yo fin konfime li deplase yo tou deside anonse […]Lire plus...
Yon jij federal ameriken, nan Eta Florid kondane Rodolphe Jaar, ayisyen ki gen nasyonalite chilyen an pou l pase tout rès vi l nan prizon paske l enplike nan asasina Jovenel Moïse la jouk nan zo. Se jij Martinez ki kondane òm d afè a. N ap raple li te plede koupab 24 mas 2023 […]Lire plus...
Marcelin St Fort alyas “lebeni” jwenn arestasyon l ayè mèkredi 31 me a pandan l t ap ranpli fòmilè pou l fè paspò l nan SONAPI. Misye fè pati gang Kanaran an, daprè sa lapolis di, gang ki afilye ak baz 5 segond lan. Lebeni te arete 2 fwa deja an 2018 ak 2021 pou […]Lire plus...
Nan yon seremoni militè nan Colorado, aprè prezidan Joe Biden fin remèt diplòm ak elèv akademi ame lè yo nan Colorado Springs li trebiche epi l tonbe. Daprè Mezon Blanch, prezidan anfòm, paske li pat frape nan moman chit la. Sa rive jedi 1e jwen an. Se pa premye fwa prezidan ameriken sa a ap […]Lire plus...
Daprè komisè Gary Desrosiers, Pòt vwa Lapolis la, sòti 26 janvye pou rive 26 me 2023, donk nan 4 mwa, enstitisyon an arete 2 730 endividi, 70 zam sezi ak 2 661 katouch, 16 kilogram marigwana ak 9 kilogram kokayin konfiske, yo pran 27 machin, 2 chaloup ak anviwon 39 000 dola vèt sezi tou. […]Lire plus...
Occil Frandy alyas “Tibim”, polisye 26e pwomosyon, pèdi lavi l sovajman ayè madi 30 me a pandan bandi yo t ap fè echanj kout zam ak Lapolis nan komin Kafou. Tibim se yon polisye ki te atache ak komisè polis minisipal Kafou a daprè enfòmasyon nou jwenn. Bandi yo ale ak kadav polisye a, jiskaprezan […]Lire plus...
Tikè yo te poste sou sit Eventbrite . Nan yon pòs djaz la fè sou Facebook li fè konnen tout estòk tikè ki te vann 108.55 lan fin vann sa ki pouse l eskize l devan fanatik ki te vle achte tikè an liy yo. Bal sa a ap jwe New-York samdi 8 jiyè. Se […]Lire plus...
Daprè kèk notab ki sou plas, deja gen 11 moun ki tonbe. 2 ladan yo se manm popilasyon sivil la, rès 9 yo se sivil ame. Depi kòmansman semèn pase a, Ti Mepri ak Luckson ap livre yon batay san mèsi. Ti Mepri dèyè pou l kraze gang Savyen an pandan li jwenn sipò yon […]Lire plus...
Tikras avan midi, jodi madi 30 me a, bandi ak zam te nan gwo echanj kout zam ak Lapolis nan komin Kafou egzateman nan Bizoton. Bilan pou pi piti gen 3 moun ki tonbe pami yo yon polisye e daprè enfòmasyon nou dispoze bandi yo ale ak kò a. Gen yon chofè taksi moto ki […]Lire plus...
Pami 18 moun sa yo gen 2 fanm ansent ak yon minè epi yon dominiken anplis. Moun sa yo t ap tante antre nan Eta Florid san papye abò yon bato anviwon 40 pye. Se sou kot Pompano Beach gad fwontalye yo arete migran sa yo daprè chèf patwouy la ki se Walter Slosar. Pa […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]