Yon nouvèl ki tonbe maten lendi 29 dawout 2022 ta fè kwè otorite nan peyi tonton Sam mete pastè Armel Lafleur anba kòd. Premyè enfòmasyon yo ta fè konprann se paske li te gen yon kantite kòb nan men l ki siperyè ak sa imigrasyon egzije. Aprè yo fin kesyone l sou orijin kòb ki […]Lire plus...
Yon moun sòti blese, anviwon 2000 kay pase anba dlo, plis pase 10 000 moun sinistre, se bilan pwovizwa gwo lapli ki tonbe nan vil Sen Mak samdi 27 Dawout la nan aswè. Nan vil Jakmèl, yon jenn gason 21 lane mouri aprè yon loraj fin tonbe. Lapli ki tonbe dènye jou sa yo pou […]Lire plus...
Depi ane 2022 a kòmanse, gen anviwon 1 milyon kretyen vivan ki fè vwèl pou peyi san chapo daprè direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante a, Tedros Adhanom Ghebreyesus. Daprè sa TF1 rapòte, nimewo 1 OMS la fè konnen, se pou gouvènman yo kontinye vaksinen moun yo pou jwenn bout epidemi sa a. Depi lè l […]Lire plus...
Aprè yon konsèy Minis ki fèt vandredi 26 Dawout 2022 a, gouvènman an pran desizyon pou voye dat rantre lekòl la 3 oktòb 2022. Pa gen okenn enfòmasyon anplis yo bay pou di kisa ki pouse yo pran desizyon sila a. Anpil vwa te gentan leve nan peyi a pou mande ministè a rekile dat […]Lire plus...
Souverain Vérissaint se non yon sibstiti komisè Gouvènman DCPJ mete yon kote pou machin pa frape l jounen vandredi 26 Dawout 2022. Mèt souverain anba kòd poutèt li te lage yon gwo bandi nan Savyen ki fè pati baz Gran Grif. Komisè a te libere Techelot Frinot 18 jiyè 2022 aprè Lapolis te fin arete […]Lire plus...
Sòti mwa desanm 2020 pou bout fevriye 2021, Léon Charles fasilite 18 milyon goud depoze sou kat debi yon seri polisye ak anplwaye sivil ki te deja jwenn revokasyon yo. Se sa ULCC revele nan rapò li rann piblik jedi 25 dawout 2022 a. Daprè anketè ULCC yo, se yon fot grav ansyen DG PNH […]Lire plus...
105, se kantite konntenè chaje ak zam ki antre nan peyi a sou non Legliz Episkopal Dayiti sòti lane 2017 pou rive 2022 a. Arestasyon kontab Legliz la, Jean Mary Jean Gilles pwouve sa klè. Lapolis jwenn nan men Jean Gilles Jean Mary divès dokiman siyen (2017 a 2021), ki otorize lajan soti sou kanè […]Lire plus...
Nan yon rapò Inite Lit Kont Kòripsyon voye bay komisè gouvènman Pòtoprens lan jedi 25 dawout 2022 a, li site plizyè gwo chabrak nan peyi a ki gen gwo dosye kòripsyon sou do yo. Pami moun sa yo, Magarette Fortuné, ansyèn direktris Lotri Nasyonal, ta fè wout kochi ak 40 milyon goud. ULCC mande chèf […]Lire plus...
Pou lave imaj Legliz Episkopal Dayiti k ap konnen yon moman trè kritik, gen 15 prèt ki se manm Legliz sa a ki mande manm komite pèmanan an pou bay talon yo, yon fason pou wè si yo ta sove imaj enstitisyon sila a. Yon desizyon konsa, daprè prèt sa yo ap plizoumwen retire dout […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon ki sòti nan yon sous anndan DCPJ, kontab Legliz Episkopal Dayiti a ki anba kòd nan moman an ta siyen pou gwo sòm lajan debloke sou kont Legliz la pou voye pou yon trafikan zam nan entènasyonal la Lapolis ap chache ak epeny ti tèt. Jean Mary Jean Gilles, kontab Legliz Episkopal Dayiti […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]