Yon fizi semi-otomatik ki sèvi ak plon 5.56mm koute ant 500 a 700 dola kay Tonton Sam. Trafikan dominiken yo vann li ant 2 500 a 7 500 dola nan peyi d Ayiti. Gang 400 mawozo pa egzanp, se sou fwontyè a yo achte zam pou yo ka touye moun. Zam sa yo se Etazini […]Lire plus...
Youri Latortue ak Prophane Victor, se non 2 ansyen palmantè k ap alimante gang Latibonit la. Daprè rapò eskpè ONU yo, Prophane te ame yon ekip jenn gason pou l te ka vin depite an 2016 e se yo menm ki tounen baz Gran Grif la. Li finanse yo jiska 2020. Youri li menm bay […]Lire plus...
Gwo bra nan Pòtoprens ap fè kou yo konnen la a pou yo wè si y a revoke Lesly Théogène, Direktè Depatmantal Ministè Kòmès ak Endistri pou depatman Nòdès. Yo konvoke l jodi a nan vil Okap e daprè sa nou aprann, yo ta menm bezwen revoke l poutèt yo sispèk li ta nan tèt […]Lire plus...
Aprè komemorasyon 217e anivèsè lanmò papa nasyon ayisyèn nan, PM Ariel Henry pran avyon pou Kanada. Li pral patisipe nan premye somè Kanada ak CARICOM k ap kòmanse jodi madi a pou bout 19 oktòb. Kesyon sekirite rejyon an ap youn nan diskisyon k ap sou tab la e fenomèn ensekirite k ap gangrennen Ayiti […]Lire plus...
Luis Abinader deklare jodi a e n ap site: “Mache dominiken an ap louvri, si ayisyen vle, yo kapab vin achte”. Li fè konnen tou, gouvènman l lan ap chache lòt mache pou vann pwodwi ayisyen konn achte yo. Li te deja ofri danre dominiken bay lòt peyi, sitou nan Amerik Latin nan men yo […]Lire plus...
Daprè minis Kòmès ak Endistri Repiblik Dominikèn nan ki se Víctor Bisinó, deja gen pliske 100 mil ayisyen ki kite peyi yo a volontèman. Li di chif sa a, se apati done ofisyèl gouvènman dominiken an yo kominike yo. Minis la di ayisyen sa yo leve ak pwòp volonte, san okenn ensidan epi yo retounen […]Lire plus...
Tanbourinè epi animatè “Oh Yes Show” a, Jimmy Cimas tout moun konnen sou non Jimmy Danger, antere jounen vandredi 12 oktòb sa a an Repiblik Dominikèn. Se nan ponp finèb Funeraria Blandino, nan vil Santiago fineray la dewoule. Pyès moun pat otorize pran foto anndan an, sèlman foto Rock Star te afiche nan ekran ki […]Lire plus...
Daprè deklarasyon David Sosa, senatè Dajabón, Luiz Abinader, prezidan dominiken an pèdi batay la paske fwontyè a relouvri men kanal la pa kanpe. Daprè medya N Digital, grenn verite prezidan yo a bay se lè l di fwontyè a p ap fonksyone menm jan an ankò. David Sosa se manm pati politik “La fuerza del […]Lire plus...
Nan yon reyinyon ki t ap fèt jodi nan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) reprezantan Ayiti a nan Òganizasyon sa a ki se Léon Charles fè konnen Ayiti gen dwa menm jan ak Sendomeng pou eskplwate dlo ki separe 2 peyi yo. Ansyen DG-PNH la deklare vwazen an pran 12 branch deja sou rivyè Masak la […]Lire plus...
Andeyò de fwontyè a Luis Abinader kite fèmen pou dosye Kanal la, li pran mezi pou entèdi materyèl elektwonik, fè, siman, materyèl menajè elatriye, antre nan peyi d Ayiti. Anplis de sa, gen anpil kote lòtbò a ayisyen pa ka travay ankò. Tankou gen yon posyon gwo fèm agrikòl yo pa vle ayisyen travay yo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]