Lanmò chèf gang Maryani an ap sikile sou tout rezo yo kòmkwa li ta mouri. Yon enfòmasyon ki pa verite daprè sa nou aprann. Bout Ba pa mouri men nan tèt kole ak Lapolis, popilasyon an rive etenn souf 5 malfra nan ekip li a. Nou aprann tou bandi sa yo te nan tire ak […]Lire plus...
Joseph Lambert, Hervé Fourcand, Garcia Delva, Wanique Pierre se tout ansyen senatè sa yo ULCC kontinye mande Pakè Pòtoprens pou mete aksyon piblik an mouvman dèyè yo pou detounman byen piblik. Daprè ULCC mesye sa yo te depatcha Gran Kò a pandan yo te ladan l. Se yon rapò tèt chaje ULCC prezante bay mèt […]Lire plus...
Gen yon gwo ratman gaz sou mache ayisyen ki te kòmanse depi yè mèkredi 15 novanm nan nan kapital la. Pou jounen jedi a, anpil ponp gentan gen gwo liy machin ak moto devan yo ap tcheke gaz. Tout pwoblèm sa yo, se konsekans batay ki genyen ant Ti Gabriyèl ak G9 depi aprè lanmò […]Lire plus...
Nan dènye rapò ULCC sòti a, li mande pou Pakè Pòtoprens mete aksyon piblik an mouvman dèyè ansyen senatè Nenel Cassy pou fo deklarasyon patrimwàn. Ansyen senatè a te di li gen 2 kont nan BNC, lè anketè yo al fouye yo jwenn li gen 4 lòt kont. Youn nan Unibank e 3 lòt nan […]Lire plus...
Ariel Henry, premye minis initil ayisyen an kite peyi a ayè madi 14 novanm nan. Daprè enfòmasyon Primati bay, doktè a met tèt pou Arabi Sawoudit, nan kapital peyi sa a ki se Riyad kote l pral patisipe nan somè CARICOM-Arabi Sawoudit la bò kote lòt chèf d Eta CARICOM yo. Somè sa a ap […]Lire plus...
Nan lannwit dimanch 12 pou bout lendi 13 novanm 2023 sa a, chèf bandi Andris Isca, gwo poto mitan G9 an Fanmi e alye ki t ap opere nan Belekou, komin Site Solèy vale dlo bouch li. Gen plizyè vèsyon k ap sikile otou de lanmò kriminèl sa a. Si yon bò yo pale de […]Lire plus...
Charles Donald, polisye 26e pwomosyon ki te afekte ak Brigad Entèvansyon Motorize (BIM) pèdi lavi l. Se nèg ak gwo zam fann fwa ki vide polisye sa a atè nan Kafou Jeral Batay vè 6è nan aswè. Dram nan pase dimanch 12 novanm nan. Daprè SYNAPOA, Charles Donald se yon ansyen ajan BOID. Lapolis pa […]Lire plus...
Tiki, Brezil ak Lachin se 3 peyi sa yo Ayiti genyen kòm patnè komèsyal k ap founi l machandiz. Brezil ap vann Ayiti bwa, Lachin ap voye materyèl elektrik epi Tiki ap vann nou Siman. Sa lage gwo plenyen lakay vwazen kote Amado Gutierez prezidan Federasyon Kamyonè Dominiken, fè konnen mache dominiken an pran yon […]Lire plus...
Daprè minis gouvènman peyi Kenya a, an wetan Kenya k ap voye 1000 polisye gen Burundi k ap voye 250 ajan, 350 ajan senegalè, 200 ajan peyi Sechèl. Chili, Babad, Ekwatè ak Jamayik, ansanm y ap voye 200 ajan. Se jounal NationAfrica ki pataje enfòmasyon sa yo. Sonje y ap bezwen 600 milyon dola pou […]Lire plus...
Tout moun k ap òganize vwayaj ilegal nan rejyon an tankou pran moun Kiba, Ayiti ak lòt kote pou mennen yo Nikaragwa pou travèse Etazini riske tonbe nan gwo tèt chaje. Daprè Brian A. Nichols ki se sekretè an aprè pou zafè emisfè oksidantal Depatman d Eta y ap chache detay sou moun sa yo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]