SDPJ Sidès nan tèt kole ak UDMO mete anba kòd Mirlande Dor ayè lendi 25 novanm nan nan aswè akoz li fè similasyon kidnaping sou pwòp tèt li depi jedi 21 novanm 2024. Li menm ak mennaj li ki fè tèt li pase pou kidnapè te aranje yo pou mande fanmi an 10 mil dola […]Lire plus...
Zòn Kafou Ayewopò, avni Poupla, Nazon, Kriswa ak kèk kwen anba lavil, Lapolis prèske pase tout jounen an ap twoke kòn li ak bandi ak sapat k ap simen latwoublay nan peyi a. Plizyè tantativ fèt nan menm jounen sa a pou bandi yo te atake radyo Mega Star daprè kèk sitwayen ki sou plas. […]Lire plus...
Jimmy Chérisier alyas Babekyou, chèf gang ba Dèlma fenk sot pete kouri ankò devan Lapolis nan fen jounen lendi 25 novanm nan. Chèf gang nan, malgre divèsyon l ap fè men li pa janm vle ret kanpe goumen ak polisye yo. DDO1 melanje ak kèk sòlda nan FAd’H la fenk sezi yon machin gwo figi […]Lire plus...
Lapolis nan komisarya Pòtoprens mete anba kòd Loubenson Benjamin alyas Ti Youri jounen lendi 25 novanm 2024 la. Arestayon sa a vini touswit aprè Ti Youri te fè yon gwo eskonbrit ak minis Zafè Sosyal la ki se Georges Wilbert Franck. Nan moman la a, Ti Youri toujou nan men Lapolis. N ap raple se […]Lire plus...
Lapolis mennen yon operasyon nan fyèf Babekyou ayè dimanch 24 novanm nan, daprè enfòmasyon nou dispoze te gen anviwon 14 blennde nan operasyon sa a. Polisye yo rive nan kay kote Babekyou rete a, yo kraze plizyè machin ak kay ki nan blòk la. Pandan pote boure a, Babekyou te gentan retire kò l nan […]Lire plus...
3 jij, 2 pwokirè ak tout yon militè anba kòd nan peyi Venezyela. Mesye sa yo arete ayè samdi 23 novanm nan e chèf akizasyon yo se konplo kont gouvènman Nicolas Maduro a. Daprè minis Enteryè peyi sa a ki se Diosdado Cabello, wo grade sa yo gen bon jan relasyon ak chèf opozisyon an, […]Lire plus...
Majorite Lopital ki genyen nan Pòtoprens fèmen pòt yo akoz bandi oubyen se kraze yo kraze. An wetan Lopital Jeneral ki fèmen depi plizyè mwa, gen Lopital Chansrèl, Sanatorium, Larenesans, Medsen San Fwontyè, DASH Dèlma 18, Lopital St François de Sales nan Pòtoprens kraze, san bliye yon pil klinik prive ak famasi ki debalize anba […]Lire plus...
Lapolis Kenskòf nan tèt kole ak popilasyon komin sa a mete fen ak lavi 4 prezime bandi ki t ap mete tèt Le Montcel, nan zòn Belo. Yo te nan yon Nissan modèl Pathfinder e plak li se AA-88424. Youn nan nèg yo rele Alain, li te sove nan prizon. Daprè Lapolis, mesye sa yo […]Lire plus...
Nan yon lèt Direktè Jeneral Conatel la, Joses Jean-Baptiste voye bay Alex Saint-Surin ki se PDG radyo Mega a, li mande l pou l kanpe emisyon ki rele Boukante Lapawòl la san pèdi tan. Daprè lèt la, emisyon sa a vyole atik 51 ak 52 dekrè 12 oktòb 1977 la ki bay Leta monopòl sèvis […]Lire plus...
Si yon sitwayen ameriken deside rann li an Ayiti oubyen li deside ale nenpòt kote nan peyi a, li dwe asire pwòp sekirite l. Se sa Anbasad Amerikèn sòti nan yon nòt. Yo fè konnen se yon gwo risk pou yon moun vwayaje an Ayiti nan moman an. Yon lòt bò, Anbasad la deside anile […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]