Jounalis radyo Vision 2000 la, Jean Thony Lorthé te kite Pòtoprens nan yon Nissan Patrol pou rann li nan komin Kafou. Li ta pral patisipe nan fineray yon bèlsè li ki fèt jodi samdi 4 fevriye a. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se pa Boutilye li te pase ak kèk lòt moun akonpanye l. Depi […]Lire plus...
Sébastien Carrière ki se anbasadè peyi Kanada nan peyi d Ayiti enfòme gen yon avyon militè kanadyen ki rele Aurora k ap siyone syèl peyi d Ayiti. Daprè sa anbasadè a enfòme sou kont tweeter li, li anonse vizit sa a se yon mannyè pou bay bakòp ak PNH la nan ranfòsman sekirite peyi d […]Lire plus...
9 milya 378 milyon 792 mil 851 goud ak 3 santim, se kantite lajan sèvis ladwàn nan peyi d Ayiti anonse li ranmase pou mwa janvye 2023 a sèlman. Se yon lòt gwo rekò pou sektè sa a lè n konsidere kòman zafè kontrebann nan ye nan peyi sa a. Rete pou konnen kisa Leta […]Lire plus...
Medam sa yo pèdi travay yo paske lopital la dekouvri yo te gen fo diplòm nan men yo. Non enfimyè sa yo pa devwale, yo t ap travay nan yon lopital nan zòn Atlanta nan Eta Georgia. Desizyon sa a vini touswit aprè ankèt federal ap mennen sou kèk lekòl nan Eta Florid k ap […]Lire plus...
Doktè Jeune Vierge Arthy nan men bandi ki kontinye ap teworize popilasyon an. Nèg ak zam yo leve bonè nan maten pandan l pral nan biwo l sou Frè a nan zòn 8 a 8 makèt aprè sa yo kite machin li nan menm blòk la. Doktè Vierge se direkris Pavillon l’Age d’Or. Nan kòmansman […]Lire plus...
Ayisyen ak kiben ki valide pou antre Etazini nan kad pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan ap benefisye 400 dola chak mwa pou rive 8 mwa. Se sèlman ayisyen ak kiben k ap jwi privilèj sa a. Se “l’Office of Refugee Resettlement” (ORR) ki responsab pwogram sa a. Nikaragweyen ak venezyelyen yo poko elijib pou […]Lire plus...
Nan yon rapò li pibliye 31 janvye pase a, Transparency International klase Ayiti 171 sou 180 peyi a ki gen plis kòripsyon ladan l sou latè. Peyi d Ayiti pèdi 3 plas pa rapò ak ane 2021 an. Se peyi Somali ki twouve l an dènye pozisyon. Nan lane 2021, Ayiti te 164e nan klasman […]Lire plus...
Fo papye ki te nan men moun sa yo ki t ap tante ale Ozetazini an, se nan kad menm pwogram imanitè Biden nan. CBP pa rekonèt papye ki nan men moun sa yo paske yo pa anrejistre nan sistèm nan. Moun sa yo p ap janm ka ale Etazini ankò poutèt rezon sa a. […]Lire plus...
Yon tranbleman tè ki mezire 5.6 sou echèl Richter frape Repiblik Dominikèn jodi mèkredi 1e fevriye 2023 a vè 7è 11 maten an. Zòn ki souke plis la se Peravia Bani daprè sa jounal dominiken Listin Diario ekri. Pa gen moun mouri ni pa gen twò gwo dega ki anrejistre. Se jewològ dominiken Osiris de […]Lire plus...
Kat (4) endividi ki gen non yo site nan lanmò Jovenel Moïse pa nan prizon nan peyi d Ayiti ankò. Non yo se James Solages, Christian Emmanuel Sanon, Joseph Vincent ak Germán Rivera Garcia. Jodi madi 31 janvye a, yon avyon militè ameriken vin pran yo e ale avèk yo nan peyi Etazini. Mesye sa […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]